
Sunday Readings/
Lekti pou Dimanch
Sunday
June 14, 2026
Eleventh Sunday in Ordinary Time, A
|1e Dimanch Karèm, A|
|2èm Dimanch Karèm, A|
|3èm Dimanch Karèm, A|
|Mèkredi Lèsann, A|
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
14 Jen 2026
11èm Dimanch Tan Òdinè, Ane A
Premye Moso Labib
Nan liv Egzòd (chapit 19, vèsè 2, rive vèsè 16)
Pitit Izrayèl yo kite Refidim, yo kontinye vwayaj la, e lè yo rive nan savann dezole Sinayi a, yo monte tonèl yo la. Se la Izrayèl te tabli l, devan Mòn nan. Moyiz menm monte al kot Granmèt la. Granmèt la rele l etan l sou mòn nan, Li di L : « Pale pèp Jakòb la, fè deklarasyon sa a devan pèp Izrayèl yo : ‘Nou wè sa m te fè Ejipsyen yo, nou menm menm, nou wè kòman m pote n sou zèl zwazo, e mwen fè n vin jwenn mwen. Alèkile, si nou obeyi m, si nou respekte kontra m lan, M a pran n pou moun pa m pami tout pèp ki sou tè a, paske tout tè a se pou mwen. M ap pran n pou yon peyi prèt ki sot nan ras wa, pou yon nasyon ki apa pou mwen. Se konsa wa pale ak pitit Izrayèl yo.
Pawòl Granmèt la
Dezyèm Moso Labib
Nan Lèt Pòl ekri Legliz Ròm lan (Ch 5 sot vèsè 6, rive vèsè 11)
Frè m yo, Sè m yo,
Pandan nou pat ka fè anyen ki vo kichòy, Kris la mouri pou lènmi Bondye nou te ye yo, lè tan an rive. Reyèlmanvre, li deja rèd pou ou mouri pou yon moun debyen. Ak tou sa, ou kab rive aksepte mouri pou yon moun debyen. Men, kote Bondye montre Li renmen n vre, se lè Kris la aksepte mouri pou nou, pandan nou te pechè toujou. Kounyè a menm, pandan li fè nou vin moun kòrèk, gras a non li, ou pa bezwen mande kijan na sove anba kòlè Bondye! Reyèlman vre, si etan nou te lènmi nou tounen zanmi Bondye, poutèt lanmò Pitit li a, ou pa bezwen mande kijan n a sove ak lavi Jezi ki leve a, pandan nou vin zanmi avè L.
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bòn Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 6, sot vèsè 51, rive vèsè 58)
Jezi tap ale-vini nan dènye vil, nan dènye bouk. Li tap preche nan kay reyinyon yo. Li tap anonse Bòn Nouvèl peyi wa a. Li tap geri tout maladi ak tout enfimite. Lè li wè foul yo, kèl fè l mal pou yo paske yo te bouke, yo te atè, tankou moun ki pa gen gadyen. Vwala Li di patizan l yo : « Ala anpil rekòt la anpil ! Ala piti bann travayè yo piti ! Lapriyè mèt rekòt la non pou L manyen voye travayè nan rekòt li a » Li rele 12 patizan L yo. Li ba yo pouvwa regle move zè, dekwa pou yo chase yo, e pou yo geri tout maladi ak tout enfimite. Men non 12 mesaje yo : premye, Simon, sa yo rele Pyè a, Andre, frè l la ak Jak, pa Zebede a, ak Jan frè l la, Filip ak Batelemi, Toma ak Matye, prepozè a, Jak, pa Alfè a ak Tade, Simon, nèg cho a, ak Jida Iskaryòt, sila ki vann li a. Jezi voye 12 mesye sa yo, e li pase yo lòd, Li di yo : « Pinga n ale nan rout pèp etranje yo. Pinga nou antre nan vil moun samari yo. Pito n ale dèyè mouton ras Izrayèl, ki pèdi yo. An n’alan nou, bay nouvèl la, di konsa : Lè pou wa ki nan syèl la kòmande a prè, geri maladi, leve moun mouri, geri moun ki gen move maladi po. Chase demon. Nou te jwenn gratis, bay gratis tou, pa pran ni lò, ni lajan, ni ti monnen nan senti nou, ni sa k sou rout la, ni derechanj, ni sapat, ni baton : Yon travayè merite manje l. »
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
7 Jen 2026
Fèt Kò ak San Jezi-Kri, Ane A
Premye Moso Labib
Nan liv Deteronòm (chapit 8, vèsè 2 ak 3, plis vèsè 14, rive vèsè 16)
Izrayèl, sonje byen tout mache Granmèt la fè ou mache pandan 40 ane nan savann dezole a. Li te fè sa pou l te sonde ou, pou l te fè ou vin tou piti dekwa pou l te konn sa ki nan fon kè ou pou L te wè si reyèlman vre ou te pral swiv lòd li te pase ou yo. Li fè ou pran wont, li fè ou konn sa ki rele grangou, Li ba ou manje ma n, bagay ni papa ou ni ou menm pate janm manje, pou l mantre ou se pa ak pen sèlman moun viv men, tou sa ki sot nan bouch Granmèt la fè moun viv… Konsa, pa bliye Granmèt Bondye ou la ki fè ou soti an Ejip ki fè ou soti nan peyi esklavaj la. Se li ki fè ou travèse gran savann dezole a savann makawon an, kote k plen koulèv sèpan ki mòde rèd, kote k plen eskòpyon, tè sèk ki pa gen dlo a. Granmèt la fè dlo ponpe soti nan wòch di sa a, poutèt ou. Se li menm ki te ba ou manje ma n nan savann dezole a, bagay papa ou pa te konnen : Li te fè ou kenbe kò ou tou piti, pou L te sonde ou dekwa pou demen te bèl pou ou.
Pawòl Granmèt la
Dezyèm Moso Labib
Nan Lèt Pòl ekri Legliz Korent la (Ch 10 sot vèsè 16, rive vèsè 17)
Frè m yo, Sè m yo,
Vè benediksyon n ap di mèsi avè l la, èske se pa ak San Kris la li fè nou an-afè? Pen n ap kase a, èske se pa ak kò Kris la li fè nou an-afè? Pwiske se yon sèl pen ki genyen, Se yon sèl kò nou ye, kwak nou anpil. Reyèlman vre, nou tout, se nan yon sèl pen an nou manje.
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bòn Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 6, sot vèsè 51, rive vèsè 58)
Jezi di jwif yo : “Mwen se pen ki gen lavi a, pen ki desann sot nan syèl. Si yon moun manje nan pen sa a, l’a viv pou tout tan. Pen m a bay la, se vyann mwen pou tè-a jwenn lavi. » Kont pete nan mitan Jwif yo, Yo di : « Kouman nèg sa a kab bann manje vyann li ?» Jezi menm di yo : « An verite, an verite, m asire nou si nou pa manje vyann pitit moun nan, si nou pa bwè san l, nou pa gen lavi anndan nou. Moun ki manje vyann mwen, moun ki bwè san m gen lavi ki pap janm fini an, mwen menm, m a leve l dènye jou a. Vyann mwen se yon manje tout bon, san mwen se yon bwason tout bon. Moun ki manje vyann mwen, moun ki bwè san mwen, Li rete anndan m, mwen rete anndan l. Menm jan Papa ki gen lavi a voye m e se pa pouvwa Papa a mwen viv, Se konsa, moun ki manje-M, se pa pouvwa pa M l'a viv, li menm tou. Sa se pen ki desann sot nan syèl la. Se pa tankou sa gran paran nou yo te manje a, lèfini yo te mouri. Moun ki manje pen sa a, a viv tou tan. »
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
31 Me 2026
Fèt Papa a, Pitit la, ak Lespri-an, Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Ekzòd (Chapit 34, sot vèse 4, rive vèsè 9)
Moyiz leve anvan jou, Li monte mòn Sinayi. Jan Granmèt la te pase lòd la, Granmèt la desann nan nyaj la, e li kanpe la, avèk Moyiz. Moyiz menm tap lapriyè Bondye. Etan lap pase devan Moyiz, Bondye tap rele : “Men Granmèt la ! Men Grnamèt la ! Bondye ki gen bon kè a! Bondye ki gen kè sansib la ! Li pa fache fasil ! Li gen kè L nan pla men L! Li kenbe pawòl Li! Li kontinye bay favè l nan mil jenerasyon! Li tolere peche, fot krim, men Li pa kite anyen san pinisyon, e Li pini peche paran yo sou pitit yo, jis twazyèm ak katriyèm jenerasyon. » Menm lè sa a, Moyiz lage kò l ajenou, e li deklare : « Bondye O, si reyèlmanvre mwen se moun pa ou, mache avè m tanpri. Wi, mwen konn sa : Pèp sa a se yon pèp ki gen kè di. Ak tou sa, padone peche n yo, e pran pou eritaj ou. »
Pawòl Granmèt la
Dezyèm Moso Labib
Nan 2èm Lèt Pòl ekri Legliz Korent la (Ch 13 sot vèsè 11, rive vèsè 13)
Frè m yo, Sè m yo,
Se pou kè n kontan, fè jefò pou nou fin bon nèt. Se pou youn bay lòt kouraj. Se pou nou tout gen bon santiman. E Bondye ki fè moun renmen an, e ki fè kè moun poze a, va avèk nou. Mwen mande n pou youn di lòt toujou, pou youn anbrase lòt tankou moun-pa Bondye. Tout moun ki sen yo voye di n bonjou. Se pou nou tout jwenn favè Jezi Kri, Gran Mèt la, ansanm ak menm Bondye a, ak lavi Lespri Sen an.
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bòn Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 3, sot vèsè 16, rive vèsè 18)
Wi, Bondye si tèlman renmen tè-a, Li bay sèl grenn Pitit li a. Konsa, dèske yon moun kwè nan li, li pap peri, men, lap jwenn lavi ki pap janm fini an Bondye pa voye Pitit li a sou tè a pou kondane tè a Men, pou tè a sove pa pouvwa Pitit la. Moun ki kwè nan li, yo pap kondane l. Moun ki pa kwè, yo deja fin kondane l, paske, li pa kwè nan non sèl grenn Pitit Bondye a.
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
24 Me 2026
Fèt Pannkot - Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit 2, sot vèse 1, rive vèsè 11)
Lè jou Pannkot la rive, tout patizan Jezi yo te sanble menm kote. Vwala, yon bwi sot nan syèl la sibit, tankou yon gwo kout van k-ap vante. Li plen tout kay kote yo te chita-a. Yo wè de lang, tankou lang dife, k-ap separe vi-n chita sou yo chak. Lespri Sen vin plen tèt yo tout, e yo mete pale lòt kalite lang, selon jan Lespri-a te ba yo pouvwa pale yo-a. Te gen Jwif ki te rete Jerizalèm. Se te de zòm relijye, ki te sot nan tout peyi ki sou tè-a. Tande yo tande bwi sa-a, foul la sanble. Yo egare, paske yo tande yo chak ap pale nan pwò lang pa yo. Tout moun pèdi tèt yo. Tout moun sezi. Yo tap di konsa : "Men, tout mesye k-ap pale la yo, apa moun peyi Galile yo ye ? Kouman fè nou tande yo chak ap pale nan pwòp lang pa nou ? Ni moun peyi Pat, ni moun peyi Medi, ni moun peyi Elam, ni sa ki rete nan Mezopotami, ni sa ki rete nan Jide ak nan Kapadòs, ni sa ki nan Pon ak nan Azi, ni sa ki nan Friji ak nan Panfili, nan Ejip, ak nan zòn Libi bò peyi Sirèn nan, ni sa ki soti a Ròm, vin an pelerinaj, ni Jwit peyi, ni Jwit etranje, ni moun peyi Krèt, ni Arab, nou tout, se nan lang pa nou, nou tande y-ap pale mèvèy Bondye fè pou yo."
Pawòl Granmèt la
Dezyèm Moso Labib
Nan Lèt Pòl ekri Legliz Korent la (Ch 12 sot vèsè 1, rive vèsè 13)
Frè m yo, Sè m yo,
Pou kado Lespri yo menm, mwen pa vle nou pa konpran yo. Nou konnen, lè nou pat ko nan sèvis Gran Mèt la, yo te konn trenen-n al kouri dèyè zidòl bèbè. Se poutèt sa, mwen deklare nou : pèsonn pa kab joure Jezi, si se Lespri Bondye-a k-ap fè-l pale. Ni tou, pèsonn pa fouti di : "Jezi se Gran Mèt," Sof pa pouvwa Lespri Sen-an. Gen plizyè kalite kado Bondye, men, se menm Lespri-a. Gen plizye kalite sèvis, men se menm Bondye-a, k-ap travay fè tout bagay, nan tout moun. Bondye bay chak moun yon mwayen pou li montre kouman Lespri-a la, pou byen tout moun. Se konsa, gen youn yo bay pawòl moun save, pou pouvwa Lespri-a. Yon lòt, se gwo konesans, selon menm Lespri-a. Yon lòt, se lafwa, ak menm Lespri-a. Yon lòt, se pouvwa geri moun, ak sèl grenn Lespri-a. Yon lòt toujou, se pouvwa fè mirak. Yon lòt, se reskonsab Pawòl Bondye-a. Yon lòt, se pouvwa wè kote yon lide soti. Yon lòt, se pale divès kalite langaj. Yon lòt toujou, se pouvwa esplike sa langaj yo vle di. Tout bagay sa yo menm, se travay sèl grenn Lespri-a k-ap separe sa-l genyen bay chak moun, jan li vle. Reyèlman vre, menm jan kò-a gen plizyè nanm, men, se yon sèl kò li ye, e tout manm kò-a kwak yo plizyÄ›, se yon sèl kò yo ye, se konsa, Kris la ye tou. Nou tout, nou batize nan yon sèl Lespri,, pou nou tounen yon sèl kò, menm si nou se Jwif, ou byen Grèk, ou byen esklav, ou byen moun ki lib..
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 20, sot vèsè 19, rive vèsè 23)
Jou-L leve-a, premye jou semèn nan, nan aswè, Jezi parèt, etan pòt kay kote patizan-l yo te ye-a, te fèmen, paske yo te pè Jwif yo. Li kanpe nan mitan yo, li di yo : "Kè poze pou nou !" Etan L-ap di sa, Li montre yo men-L ak bò kote-L. Patizan yo menm kontan, lè yo wè Gran Mèt la. Jezi tounen di yo : "Kè poze sou nou ! Menm jan Papa-a voye-m, se konsa mwen menm tou, mwen voye-n." Etan L-ap di sa. li voye souf li sou yo, Li di yo : "Resevwa Lespri Sen-an. Depi nou padonnen peche you moun, peche-l yo va padonnen vre. Depi nou lese yo, san nou pa padonnen yo, y-a rete san yo pa padonnen vre.
​​​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
17 Me 2026
Fèt Jezi ki monte nan syèl, Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit Premye, sot vèse 1, rive vèsè 11)
Teofil, mwen te ekri yon premye liv sou tou sa Jezi te kòmanse fè, ak sou sa li te kòmanse preche, jis jou yo te pran-l anlè-a, apre li te fin pase mesaje li te chwazi yo lòd, pa pouvwa Lespri sen-an. Se yo li te montre kouman li te vivan, aprè li te fin soufri, aprè li te mouri. Li te ba yo anpil prèv : Pandan 40 jou, li te fè yo wè-l, e li te pale avè yo de kote Bondye Wa-a. Yon jou li t-ap manje avè yo, Li te pase yo lòd : “Pa pati kite Jerizalèm, men chita tann sa nou tande-m di Papa-a pwomèt nou-an. Gade byen! Jan menm, se batèm dlo li te fè. Nou menm menm, nan 2, 3 jou ankò, se nan Lespri Sen-an n-a batize. » Yo menm etan yo te rasanble, yo t-ap mande-l : « Gran Mèt èske se kounyè-a, ou pral fè Izrayèl tounen yon gwo peyi wa ak gwo pouvwa ? Li reponn yo: “Tan ak dat, Papa-a chwazi yo jan lide-L di-L, se pa nou ki pou konnen yo. Men, n-a jwenn fòs Lespri Sen k-ap vin sou nou-an. E nou va sèvi-m temwen, Jerizalèm, nan tout Jide ak Samari, epi jis nan dènye bout tè-a. » Aprè li fin di sa, yo wè l-ap monte anlè, men, yon nyaj vin kache-l, Kifè yo pèdi-l, yo pa wè-l ankò. Kòm yo t-ap gade syèl la fiks etan li t-ap prale-a, vwala 2 mesye abiye tout an blan parèt sou yo, ki di yo : « Nèg Galile, Sa nou ret kanpe ap gade syèl la konsa ? Jezi sa-a, ki sot kite-n pou-l monte nan syèl la, menm jan nou wè-l pati al nan syèl la, se menm jan-an tou, l-a retounen.”
Pawòl Granmèt la
Dezyèm Moso Labib
Nan Lèt Pòl ekri Legliz Efèz la (Ch 1 sot vèsè 17, rive vèsè 23)
Frè m yo, Sè m yo,
Mwen swete pou Bondye Jezi-Kri, Granmèt nou-an, Papa ki nan bèlte-a ban nou yon Lespri ki kapab konprann, e ki ka-b dekouvri sa ki kache, dekwa pou nou k-ab fin konnen-l tout bon vre. Se pou-l mete limyè nan kè-n, pou nou konnen ki kalite espwa nou genyen nan rele li rele nou-an. Se pou nou konnen ki kalite richès li kite kòm eritaj pou moun ki sen yo. Se pou nou konnen jan pouvwa ekstraòdinè-l la se yon fòs pou nou menm, moun ki kwè yo. Se fòs ponyèt li sa-a ak kouraj li ki travay nan Kris la, pou fè-l leve pami mò yo, epi pou fè-l chita adwat li, nan syèl la, pi wo pase tout chèf, tout otorite, pase tout pouvwa, tout mèt, pi wo pase tout gwo non yo k-ap nonmen. E se pa nan tan sa-a sèlman, men, nan sa ki pral vini-an tou. Li fè tout bagay mache sou lòd li, anba pye-l. Li mete-l pi wo pase tout bagay. Li mete-l alatèt Legliz la, ki kò li, ki chaje ak tout kalite byen, byen Sila ki plen tout kalite richès la.
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Matye (Chapit 23, sot vèsè 16, rive vèsè 20)
Etan Jezi te fin leve, onz (11) patizan l yo leve al nan Galile nan mòn kote Jezi te ranje avè yo pou y-ale a. Lè yo wè l, yo salye l jouk atè, men genyen ki tap fè doutans toujou. Jezi vin pale avè yo, Li di yo: “Yo ban mwen tout pouvwa, ni nan syè l la, ni sou tè a. Ale non. Fè tout moun tounen patizan m. Batize yo o non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an. Montre yo kouman pou yo kenbe dènye sa m kòmande n. Men mwen avè n toulejou Jistan toutbagay va fini.”
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
10 Me 2026
Sizyèm Dimanch Pak Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit 8, sot vèse 5, rive vèsè 17)
Filip, ki te desann nan yon vil Samari, tap preche Kris la. Tout moun sanzeksepsyon tap koute prèch li yo, pakse yo te tande pale de mirak li yo, ou byen menm yo te temwen sa-l tap fè yo. Se konsa, move zè te soti nan anpil moun, e yo tap rele pandan yo tap soti-a. Anpil moun ki te enfim, san mouvman, te geri. Anpil lòt kalite moun donmaje te geri tou. Se pa ti kontan moun zòn sa-a te kontan. Lè Mesaje yo, ki te Jerizalèm, vi-n aprann Samari resevwa Pawòl Bondye-a, yo vove Pvè ak Jan nan zòn sa-a. Mesye sa yo menm desann Samari, e yo lapriyè pou moun ki tap viv kote sa-a, pou yo resevwa Lespri Sen an, paske li pat ka desann sou okenn moun pami yo, men, se batize yo te batize sèlman o non Jezi, Gran Mèt la. Konsa, Pyè ak Jan poze men yo sou tèt moun sa yo, e yo resevwa Lespri Sen an.
​​
Pawòl Granmèt la
Dezyèm Moso Labib
Nan Premye Lèt Pyè ekri a (Chapit 3, sot vèsè 15, rive vèsè 18)
Frè m yo, Sè m yo,
Respekte Kris la, Gran Mèt la, tout bon vre. Se pou nou toujou pare pou nou defann tèt nou devan nenpòt ki moun k-ap mande-n pou ki rezon nou gen espwa sa nou genyen an. Men, fê sa ak bon jan, ak respè, tankou moun ki gen konsyans yo trankil. Konsa, kote yo ba-n kout lang lan, se la tou y-a pran wont, bann moun k-ap fè tripotay sou nou yo, paske nou kondwi tèt nou byen, nan Kris la. Reyèlman vre, si Bondye vle pou nou soufri, soufri nan fè byen pi bon pase soufri nan fè mal. Gade byen : ata Kris la mouri, li mouri yon sèl grenn fwa nèt pou peche-n yo. Konsa, se yon moun debyen ki mouri pou moun ki pa bon yo, pou-l mennen nou bay Bondye. Se yon moun ki gen yon kò yo touye, men, Lespri-a fê-1 tounen gen lavi.
​​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 14, sot vèsè 15, rive vèsè 21)
Jezi di patizan-l yo : “Si nou renmen-m, n’a obeyi lòd mwen yo. M-ap lapriyè Papa-a, L’a ban nou yon lòt avoka, pou-l rete avèk nou pou tout tan. Se Lespri laverite-a, sa tè-a pa kab resevwa-a, paske li pa wè-l, ni li pa konnen-l. Nou menm, nou konnen-l, paske li ret avèk nou; Li nan nou. Mwen pap kite nou òfelen. M'a retounen vin jwenn nou nan yon ti kadè konsa, nou menm n-a wè-m, paske m'ap viv, e n'a viv tou. Jou sa-a, n'a konnen: mwen nan Papa'm, nou nan mwen, mwen nan nou. Moun ki konn lòd mwen yo, e ki obeyi yo, Se li ki renmen-m. Moun ki renmen-m, Papa-m a renmen-l. M-a renmen-l tou, e m-a montre-l kilès mwen ye.”
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
3 Me 2026
Senkyèm Dimanch Pak Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit 6, sot vèse 1, rive vèsè 7)
Patizan Jezi-Kri yo te kòmanse ap vi-n anpil. Pami yo, Jwif ki te sèvi ak lang grèk la te pran plenyen kont Jwif ki te sèvi ak lang ebre-a. Sa ki te sèvi ak lang grèk la tap di konsa : Yo pa okipe vèv ki nan gwoup pa yo-a, nan sèvis y-ap rann toulejou yo. Lè sa-a, 12 mesye yo reyini tout gwoup patizan yo, e yo deklare: "Li pa bon pou nou pa okipe Pawòl Bondye-a, e nou rete ap sèvi tab. Sa fè nou pa chèche pito 7 gason, ki gen bon repitasyon, ki gen bon konprann, e ki plen Lespri Sen, e n-a mete yo fè travay sa-a. Nou menm menm, n-a pase tan-n ap lapriyè, e pa fè sèvis Pawòl la." Lide sa-a fè tout moun plezi, e yo chwazi Etyèm, nèg ki te gen gwo lafwa, e ki te plen Lespri Sen, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, Nikola, yon nèg Antyòch, ki te fèk tounen patizan Jezi-Kri. Yo mennen toule 7 bay Mesaje yo. Yo menm, yo lapriyè. Lèfini, yo poze men yo sou têt yo. Pawòl Bondye-a menm tap travay : patizan Jezi-Kri yo tap vi-n pi plis nan vil Jerizalèm, e yon foul prèt tap obeyi lafwa
Dezyèm Moso Labib
Nan Premye Lèt Pyè ekri a (Chapit 2, sot vèsè 4, rive vèsè 9)
Frè m yo, Sè m yo,
Frè-m yo, sè-m yo, Pwoche kot Jezi, Gran Mèt la, li se yon wòch ki bay lavi. Nou menm moun, nou rejte-1. Men, Bondye chwazi-l, Li konsidere-l. Nou menm tou, tankou wòch ki vivan, n-ap monte an fòm yon kay Lespri-a bati, pou nou fè yon gwoup prèt ki Sen, pou nou ofri sa Lespri-a mete pou nou sakrifye-a, sa ki nan gou Bondye, pa pouvwa Jezi-Kri. Paske, men sa-k ekri nan Labib: "Men mwen mete yon wòch nan Siyon. Mwen chwazi-l. Li kenbe kwen an. Mwen konsidere-l. Moun ki kwè nan li pap soti wont. Nou menm ki kwè, respè pou nou. Sa ki pa kwè yo, menm, Wòch bòs k-ap monte kay la yo, voye jete-a, se li ki tounen premye wòch nan kwen kay la. Epi, se yon wòch ki kab fè moun bite, yon wòch ki antravan.' Moun ki pa kwè yo, yo frape kò yo ladan, nan fè rebèl ak Pawòl la. Se sa ki te la pou rive yo. Nou menm menm, 'nou se yon ras yo chwazi, yon gwoup prèt ki sot nan ras wa, yon nasyon ki Sen, yon pèp ki apa pou Bondye', dekwa pou nou pibliye bèl mèvèy Sila ki rele-n soti nan fênwa-a, pou nou antre nan limyè ekstròdinè-l la.
​​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 14, sot vèsè 1, rive vèsè 12)
Anvan-l te sot sou tè-a pou-l al jwenn Papa-l, Jezi tap di patizan-l yo : "Kè nou pa bezwen boulvèse. Kwè nan Bondye, kwè nan mwen tou. Nan kay Papa-m nan, gen anpil kote pou moun rete. Si se pat sa, mwen ta di nou-l. Se yon plas mwen pral pare pou nou. Lè m-a fi-n al pare yon plas pou nou, m-a tounen vi-n pran-n avè-m. Konsa, kote mwen ye, se pou nou la tou. Kote mwen prale-a, nou konn rout la." Toma di-l : "Mèt, nou pa konn kote ou prale. Kouman nou ta fè konn rout la?" Jezi reponn li : "Se mwenn menm ki rout la. Se mwenn menm ki laverite-a. Se mwen menm ki lavi-a. Pesonn pa kab al jwenn Papa-a, san se pa mwen ki fè-l rive. Si nou te konnen-m, nou ta konn, Papa-m tou. Depi kounyè-a, nou konnen-L, nou wè-l." Filip di-l : "Mèt, montre-n Papa-a. Se va kont nou." Jezi di-l : "Filip, tout tan sa-a m-avè-n, epi nou pa konnen-m? Moun ki wè-m, wè Papa-a. Kouman fè ou di : 'Montre-n Papa-a? Ou pa kwè mwen nan Papa-a, e Papa-a nan mwen ? Pawòl mwen di nou yo, se pa pou kont mwen, m-pale yo. Se Papa-a ki rèt nan mwen an, ki fè zèv li yo. Se pou nou kwè-m : Mwen nan Papa-a, e Papa-a nan mwen. Antouka, se pou nou Kwè, poutèt zèv mwen yo. An verite, an verite, m-asire-n : Moun ki kwè nan mwen, va fè menm zèv mwen fè yo. L-a fè de zèv pi siperyè pase sa yo toujou, paske mwen pral jwenn Papa-a."
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
26 Avril 2026
Katriyèm Dimanch Pak Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit 2, sot vèse 14, plis vèsè 36 rive 41)
Jou Pannkot la, Pyè kanpe ansanm ak 11 yo, e li mete pale, li di foul la : "Se pou tout pèp Izrayel konnen sa, byen nèt Bondye fè Jézi tounen Gran Mèt la, e li sakre-I kòm Kris, Jezi sa nou te kloure sou kwa-a." Lè yo tande sa, kè yo dechire, e yo di Pyè ak lòt mesaje yo : "Frè, sa nou dwe fè ?" Pyè reponn yo : "Chanje kè-n, e fè yo batize nou chak, o non Jezi-Kri, pou peche-n padone, e n-a resevwa Lespri Sen an kòm kado. Reyèlman vre, se pou nou, promès la fèt, pou pitit nou yo tou, ak pou tout moun ki lwen yo; tout Kantite moun sa Bondye, Gran Mèt la, va rele yo." Se ak anpil lòt pawòl konsa Pyè tap bay prèv, e li tap ankouraje yo, li tap di yo konsa "Chape anba ras sepida sa yo. Yo menm, yo te tonbe dakò ak Paròl la, e yo te mande pou yo batize yo. Jou sa-a, te gen 3.000 lòt moun, ki te vin antre nan group yo-a.
​
Pawòl Granmèt la​​
Dezyèm Moso Labib
Nan Premye Lèt Pyè ekri a (Chapit 2, sot vèsè 20, rive vèsè 25)
Frè m yo, Sè m yo,
Lè se pou Bondye you moun pran lapenn, paske li soufri san li pa te merite sa, se you bon bagay. Ki konpliman pou yo ta fè-n, si nou rete pran souflèt, paske nou an tò ? Men, si nou rete ap soufri, paske nou fè byen, se you favè Bondye fè-n. Reyèlman vre, yo rele nou pou sa, paske Kris la soufri pou nou tou. Se you egzanp li kite la, pou nou swiv tras li. Li menm, li pa fè peche, ni yo pa jwenn manti nan bouch li. Li menm, lè yo tap joure-I, li pa te rann repons. Lè li tap soufri, li pa te fè menas. Men, li te remèt tèt li ba Sila ki konn fè jijman korèk yo. Se li menm ki pote peche pou yo nan kò-l, sou. bwa-a, pou nou mouri kite peche yo, men, pou nou viv daprè sa ki fè nou moun kòrèk. Se ak mak kou li pran, nou geri. Reyèlman vre, nou te pèdi rout tankou mouton. Men, alèkile, nou tounen jwenn gadyen ak siveyan k-ap okipe nou an.
​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 10, sot vèsè 1, rive vèsè 10)
Jezi tap di Farizyen yo : "An verite, an verite, m-asire-n : moun ki pa pase nan baryè-a, pou-l antre nan pak mouton yo, men, ki antre you lòt kote, se volè li ye, se asasen li ye. Moun ki pase nan baryé-a, pou-l antre, se gadyen mouton yo li ye. Nèg ki nan baryè-a ouvè pou li. Mouton yo tande vwa-l. Li nonmen non chak mouton pa-l. Li fè yo soti. Lè tout mouton-l yo fi-n soti, li mache devan yo. Mouton yo swiv li, paske yo konn vwa-l. Nan pwen jou pou yo swiv you etranje. Men, yo ta sove pou li, paske yo pa konn vwa etranje yo. Jezi di yo provèb sa-a. Mesye yo menm pat konprann sa li tap di yo. Jezi tounen di yo : "An verite, an verite, m-asire-n : se mwen menm ki baryè mouton yo. Tou sa ki te vini anvan-m yo, se vòlè ak asasen yo te ye. Men, mouton yo pa te koute yo. Se mwen menm ki baryè-a. Si se nan mwen you moun pase, l-a sove. L-a antre soti. L-a jwenn zèb. Volè pa vi-n pou lòt bagay, pase pou-l volè, pou-I touye, pou-l detwi. Mwen menm, mwen vini pou yo gen lavi, pou yo genyen-l pou piyay.
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
19 Avril 2026
Twazyèm Dimanch Pak Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit 2, sot vèse 14, rive vèse 28)
Jou Pannkot la, Pyè kanpe ak 11 yo, e li mete pale, li di foul la : « Moun Jide ak nou tout k ap viv Jerizalèm, koute sa m ap di n : konprann byen : Non ! Moun sa yo pa sou jan nou kwè a paske se 9 vè sèlman li ye. Men ! Se sa profèt la te di a ki rive. Men sa Bondye deklare : Nan dènye jou yo, m a vide lespri m sou tout moun yo. Pitit gason n yo, pitit fi n yo to uva pale tankou profèt. Jenn jan n yo va wè mèvèy devan je yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Mwen menm, ma vide lespri m e ya pale tankou profèt M a fè mèvèy parèt anwo nan syèl la e m a fè kèk siy espesyal parèt sou tè a. Solèy la va tounen fènwa e lalin nan va tounen san Avan jou Granmèt la rive, jou sa a ki va yon gran jou Lè sa a tout moun ki va rele Granmèt la va sove. Pèp Izrayèl koute sa m ap di n. Jezi, nèg Nazarèt la Bondye te montre n valè L nan mèvèy, nan mirak ak nan siy espesyal li te fè l fè nan mitan n jan nou konnen an. Ebyen selon sa Bondye te deside, selon sa Bondye te konnen davas. Nèg sa a, yo te trayi a, nou memnm nou te fè arete L Nou te fè yo touye L sou yon kwa, kote yo te touye l la. Men Bondye leve l, li deliver l anba soufrans lanmò, paske, reyèlmanvre. Li pat ka rete anba soufrans lanmò tankou David te deklare o sijè L. Se tout tan mwen te konn wè Granmèt la devan m Li bò kote m pou anyen pa rive m. Ositou, kè m te kontan, e mwen te chante chante fèt. Ata kòm tap repoze ak espwa ou pap abandonem pou m ta al viv kote mò yo rete ak espwa tou Ou pap kite sen ou lan mouri. Ou montre m chemen lavi e ou fè m gen gro kè kontan Lè ou ansanm avèk mwen.
​
Pawòl Granmèt la​​
Dezyèm Moso Labib
Nan Premye Lèt Pyè ekri a (Chapit Premye, sot vèsè 17, rive vèsè 21)
Frè m yo, Sè m yo,
Sila a ki jije moun selon zèv yo, san li pa nan moun pa si n ap rele l papa, kondwi tèt nou avèk krentif tout tan nou an egzil la. Nou konnen se pa ak bagay ki fèt pou gate, kouwè lajan oubyen lò nou delivre ak lavi moun fou nou an, lavi sa nou te leve trape nan men fanmi nou yo. Men, se ak san ki koule chè a nou delvre, san pa Kris la, paske Li kòm yon mouton ki pa gen defo, ki pa gen okenn move mak. Depi avan kòmansman tè a, Bondye te konnen l depi davans. Men, li fè L parèt poutèt nou, lè tan an rive bout. Se poutèt li nou kwè nan Bondye ki leve pami mò yo, e ki fè konpliman pou Li. Konsa lafwa nou ak espwa nou se sou Bondye yo ye..
​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Lik (Chapit 24, sot vèsè 13, rive vèsè 35)
Premye jou semèn nan, men de nan patizan Jezi yo ta pral nan you bouk andeyò Jerizalèm, distans onz kilomèt konsa. Yo te rele bouk la Emayis, yo tap pale ansanm sou tout bagay ki te rive yo. Vwala, etan yo tap pale, etan yo tap fè diskisyon, Jezi menm proche bò kote yo. Li pran mache avè yo. Je yo menm te kòm bouche, Pou yo pa rekonèt li. Li di yo : “Ki pawòl sa yo, youn ap pale ak lòt konsa, etan n-ap mache-a ?” Yo rete, yo te tris. youn, yo te rele Kleofas, reponn Li : “Ou se sèl moun Jerizalèm ki pa konn sa ki pase nan vil la, tout jou sa yo !” Li di yo : “Kisa ?” Yo reponn li : “Afè Jezi, nèg Nazarèt la. Se te yon pwofèt ekstraòdine nan travay li ak nan pale-l, ni devan Bondye, ni devan tout pèp la. Trouve chèf prèt ak lòt chèf nou yo, Kondane-l amò, lèfini, yo klouwe-l sou kwa. Nou menm, nou te ak espwa se li ki te dwe delivre Izrayèl. Men, ak tou sa, se twazyèm jou depi sa pase. Men tou, gen nan medam ki avè nou yo, ki fè-n sezi. Y-al nan kav la, avanjou, e yo pa jwenn kò li. Yo vi-n di, yo wè mesaje Bondye ki parèt di yo : li vivan. Gen nan moun ki avè nou yo, ki al nan kav la. Yo jwenn kav la, jan medam yo di-a. Men, yo pa wè-l.” Jezi di yo : “Moun san lespri o, ala mal nou mal pou kwè tou sa pwofèt yo te pale. Apa vre fòk Kris la te soufri, Pou-l antre nan bèlte-l ?” Li kòmanse depi Moyiz jis nan tout pwofèt yo. Li esplike yo sa ki te ekri sou li nan tout Labib. Yo te vanse rive nan bouk kote yo ta prale-a. Li fè sanblan li pral pi devan. Yo fòse-l rete. Yo di-l : “Ret avè-n. Fènwa sou nou. Jou deja ap bese.” Li antre ret avè yo. Vouala, lè li chita bo tab ansanm ave yo, Li pran pen, li lapriyè di mèsi, Li kase-l ba yo. Je yo vi-n ouvè, e yo rekonèt li. Men, li disparèt devan yo. Youn di lot : “Apa tankou you dife, kè nou te ye, le li tap pale avè nou, nan wout la, Menm lè sa-a tou, yo leve tounen Jerizalèm. Yo jwenn onz mesye yo reyini ak lòt moun. Se koze sa-a ki tap pale : “Gran Mèt la leve sèten. Li fè Simon wè-l.” Yo menm, yo rakonte sa ki te rive nan wout la, ak kouman yo rekònèt li nan kase pen an
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
12 Avril 2026
Dezyèm Dimanch Pak Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit 2, sot vèse 41, rive vèse 47)
Jou Pannkot la, lè Pye fin pale, anpil moun soti dakò ak pawòl la, e yo batize yo. Te gen 3000 moun konsa ki te tounen patizan Jezi Kri. Yo te kenbe fèm ap koute sa mesaje Jezi Kri yo t ap montre yo. E se san mank tou, yo tap separe pen an, e yo tap lapriyè ansanm. Sezisman te anpare tout moun paske se pa 2 ti mèvèy patizan Jezi yo tap fè. Tout moun sa yo ki te bwè te antann yo byen, e yo te mete tout bagay yo ansanm. Yo te vann tè yo, byen yo, e yo te separe lajan an, daprè sa chak moun te bezwen. Chak jou, san mank, yo te konn al nan kay reyinyon an, e yo te konn separe pen an nan kay pa yo, pandan yo youn ap manje nan kè kontan, san bwi, ni kont. Yo tap fè lwanj pou Bondye, tout pèp la te konsidere yo anpil. Chak jou, Granmèt la te mete anwo group yo a lòt moun ki te jwenn delivrans lan.
​
Pawòl Granmèt la​​
Dezyèm Moso Labib
Nan Lèt Pyè (Chapit Premye, sot vèsè 3, rive vèsè 9)
Frè m yo, Sè m yo, Konpliman pou Bondye ki Papa Jezi Kri, Granmèt nou an. Paske li bon anpil, li fè nou fèt yon dezyèm fwa poutèt leve Jezi Kri leve pami mò yo. Konsa, n a gen espwa ki bay lavi a, n a gen yon eritaj ki pa kapab gate, ki san defo, e ki pakab peri. Eritaj sa a, yo sere l nan syèl la pou nou. Nou menm fòs Bondye ap proteje yo, poutèt lafwa nou gen nan delivrans ki pare pou l parèt nan dènye tan. Ositou, menm si kounyè a, fòk nou chagren ti kras ak tout kalite klas antrav nou jwenn yo, men, nou kontan gro kontan. Konsa, sonde yo sonde lafwa nou an, sa va fè nou jwenn Lwanj, konpliman, ak onè, lè Jezi Kri va parèt. Lafwa n, sa yo sonde a, vo pi plis pase lò, ki la li menm pou l peri, kwak yo teste l nan dife. Se san nou pa wè Jezi Kri, nou renmen l. Etan nou kwè, menm si nou pa wè l kounyè a, nou kontan gro kontan, kè kontan nou an bèl anpil, pèsonn pakab di jan li bèl – e sa lafwa ap pote ban nou an, se delivrans nou.
​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 20, sot vèsè 19, rive vèsè 31)
Jou sa-a, se te premye jou semenn nan, nan aswè, Jezi vini, etan pòt kay kote patizan-l yo te ye-a te fèmen, paske yo te pè Jwif yo. Li kanpe nan mitan yo, li di yo : “Kè poze pou nou !” Etan l-ap di sa, li montre yo men-l ak bò kote-l. Patizan yo kontan, le yo wè Gran Mèt la. Jezi tounen di yo : “Kè poze pou nou ! Menm jan Papa-a voye-m, mwen menm tou, mwen voye nou.” Etan l-ap di sa, li voye souf li sou yo, li di yo : “Resevwa Lespri Sen-an. Depi nou padonne peche yon moun, peche-l yo va padonne vre.” Depi nou lese yo san yo pa padonne, y-a rete san yo pa padonnen vre.” Men, Toma, ki te youn nan 12 mesye yo, Sa yo rele ‘Marasa-a’ pa te avèk yo, lè Jezi te vini an. Lòt patizan yo di-l : “Nou wè Gran Mèt la.” Li di yo : “Si mwen pa wè mak klou yo nan men-l, si-m pa foure dwèt mwen nan trou klou yo, si-m pa foure men-m nan bò kote-l, nan pwen jou pou mwen kwè.” 8 jou aprè sa, patizan-l yo te trouve anndan toujou. Toma te avèk yo. Jezi vini, etan pòt yo te fèmen. Li kanpe nan mitan yo, li di : “Kè poze pou nou !” Aprè sa, li di Toma: “Mete dwèt ou isit la. Gade men-m yo. Foure men ou, mete-l nan bò kote-m. Pa kontinye pa kwè. Men, se pou ou gen lafwa.” Toma reponn li : “Gran Mèt mwen an ! Bondye mwen an !” Jezi di-l : “Ou kwè, paske ou wè-m. Ala chans pou moun ki kwè san yo pa wè !” Jezi fè divès lot mirak devan patizan-l yo. Men, yo pa ekri yo nan liv sa-a. Sa yo menm, yo ekri yo, pou nou kwè : Jezi se Kris la, se Pitit Bondye-a. Konsa, kwè nou kwè-a, n-a gen lavi, o non Li.
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
5 Avril 2026
Dimanch Pak Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Travay Mesaje yo (Chapit 10, sot vèse 34, rive vèse 43)
Lè Pyè rive Sezare kay Kònèy, ofisye lame Ròm nan, li deklare : “Se yon bagay ki klè, Bondye pa gade sou figi moun. Men li dakò ak tou sa ki respekte-l, e ki fè sa ki drèt, kèlkeswa kote moun nan soti. Li voye pawòl li bay moun Izrayèl yo: Se Bòn Nouvèl kè poze-a Jezi vin pote-a. Se li ki Granmèt tout moun. Nou konnen sa-k te pase nan Jide. Sa te menm kòmanse depi nan Galile, lè Jan t-ap preche pou moun batize-a. M-ap pale de Jezi, nèg Nazarèt la. Nou konnen kouman Bondye sakre-l, kouman li ba li Lespri Sen-an ak gro pouvwa, li menm kip ase ak fè byen, e li geri moun ki te anba pouvwa demon. Fò ou di Bondye te avè-l vre ?
Nou temwen tou sa-l te fè nan peyi Jwif yo ak Jerizalèm. Yo touye-l sou kwa-a. Men, sou 3 jou, Bondye fè-l leve vivan. E li parèt vivan devan moun. Se pa devan pèp la, men devan temwen Bondye te chwazi davans yo : se nou menm menm ki te manje avè l yo ; nou menm menm ki te bwè avè l yo, aprè li te fin soti pami mò yo. Se li ki ban n lòd preche pèp la, e sèvi temwen pou n montre li se Jij mondye mete pou jije ni moun ki vivan, ni sa ki mouri. Se sou li tout profèt yo te di sa : « Nenpòt moun ki kwè nan li, va jwenn, o non li, padon pou peche l yo. ».
​​
Pawòl Granmèt la​​
Dezyèm Moso Labib
Nan lèt Pòl ekri Legliz Kòlòs la (chapit 3, sot vèsè 1, rive vèsè 4)
Frè-m yo, sè-m yo, Si nou leve ansanm ak Kris la, chèche sa ki anwo, kwè Kris la chita adwa Bondye a. Mete lide nou nan sa ki anwo, pa mete l sou bagay ki sou tè-a. Reyèlman vre, nou mouri e lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. Lè Kris ki lavi nou va parèt, se atò, nou menm tou, n a parèt ansanm avè l nan bèlte.
​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 20, sot vèsè 1, rive vèsè 9)
Aprè yo te fin antere Jezi, premye jou semèn nan, Mari, moun Magdala a, al nan kav la, granm maten, pandan-l te fènwa toujou. Li wè yo te wete wòch la devan kav la. Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt patizan Jezi te renmen an, li di yo: “Yo wete mèt la nan kav la. Li di nou pa konn kote yo mete l.” Pyè ak lòt patizan an menm, soti, yo al nan kav la. Tou 2 tap kouri ansanm. Men lòt patizan an kouri pi vit pase Pyè: Se li ki rive an premye nan kav la. Li panche kòl, li wè ti bann twal yo, men li pa antre. Simon Pyè ki tap swiv li, rive tou. Li antre nan kav la. Li wè ti bann twal yo la, ansanm ak mouchwa ki te sou tèt li a. Li pa te menm kote ak ti bann twal yo, men li te vlope yon kote apa. Vwala, lòt patizan ki te rive an premye nan kav la, antre li menm tou. Li wè: ki fè, li kwè. Yo pa te konprann sa ki ekri-a: ‘Fòk li leve soti pami mò yo.’
​
A nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
29 Mas 2026
Dimanch Ramo Ane A
Premye Moso Labib
Nan Liv Pwofèt Izayi (Chapit 50, sot vèse 4, rive vèse 7)
Bondye Gran Mèt la fè-m pale yon lang ki senp. Konsa, m-a konn kouman pou-m konsole moun ki blayi plat atè yo. Chak maten, Pawòl la leve-m nan kabann mwen. Li leve-m chak maten, e-m drese fèy zorèy mwen pou-m koute-l, tankou yon elèv. Epi mwen menm, mwen pa fè ròklò, mwen pa demake-l. Mwen lage po do-m bay moun ki tap bemen-m yo. Mwen lonje bò figi-m bay moun ki tap rache bab mwen yo. Mwen pa rele figi-m ni devan jouman, ni devan sa ki tap krache sou mwen yo. Bondye Gran Mèt la vi-n pote-m sekou : ositou, jouman pa fè-m anyen. Se sa-k fè mwen fè figi- vi-n di tankou roch. Mwen konnen mwen pap soti pèdan.
​​
Pawòl Granmèt la​​
Dezyèm Moso Labib
Nan Lèl Pòl ekri Legliz Filip la (Chapit 2, sot vèsè 6, rive vèsè 11)
Malgre Kris la se Bondye, li pat rete kole nan plas Bondye-a. Men, okontrè, li te lage tout pouvwa-l atè, jouk li te rive nan menm pwen ak yon esklav, li te vin nan menm pwen ak tout kretyen vivan. Nan pwen anyen ki te kab fè di li pat moun. Pi rèd atò, li te menm aksepte mouri, mouri sou yon kwa ankò. Se poutèt sa, Bondye leve-l anlè, pi wo pase tout bagay. Bondye ba-l yon non, ki pı plis pase tout non. Konsa, lè yo tande non Jezi, tout vivan, kit anwo nan syèl la, kit sou tè-a, kit anba, nan bafon an, tout va pliye jenou yo atè, e tout ras moun va deklare : *Jezi-Kri se Gran Mèt la, pou Iwanj Bondye Papa-a'.
​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men kouman Matye rakonte soufrans ak lanmò Jezi
(Chapit 26, sot vèsè 14, rive chapit 27, vèsè 66)
• Vwala youn nan douz mesie yo, sa yo rele Jida Iskariot la, al jwenn chèf prèt yo, pou-l di yo :
☻ "Sa nou vle ban mwen, pou-m fè nou pran Jezi ?"
• Yo konte trant pyès lajan ba li.
Depi lè sa-a, li tap chèche you bon okazyon, pou-l fè pran-l.
Premye jou Jwif yo kuit pen san levin, patizan yo vi-n di Jezi :
☻ "Kote ou vle nou pare manje Fèt Pak, pou ou manje-a ?"
• Jezi reponn :
☑ "Al lavil kay entèl. N-a di-l konsa : Profesè-a di konsa :
Tan-m vanse rive. Se lakay ou m-ap fè manje Fèt Pak la,
ansanm ak patizan mwen yo."
• Patizan yo fè jan Jezi te di yo-a.
Yo pare manje Fèt Pak la.
Alabri-n di soua, Jezi chita a tab, ansanm ak douz patizan-l yo.
Pandan yo tap manje, li di yo :
☑ "An verite, m-asire nou : youn nan nou pral fè yo pran-m."
• Yo vi-n chagren anpil. Yo chak komanse di-l :
☻ "Èske se mouin minm, Mèt ?"
• Men, Jezi reponn :
☑ "Nèg ki plonje men-l, ansanm avè-m, nan bol la,
se li ki pral fè pran-m.
Pitit moun nan menm ap ale ale-l, jan sa te ekri pou li-a.
Men, zafè nonm sa-a, ki pral fè pran Pitit moun nan.
Li ta pi bon pou nonm sa-a, si li pa te janm fèt.
• Jida, trèt la, reponn li :
☻ "Èske se mwen menm, Mèt ?"
• Jezi di-l :
☑ "Se sa ou di-a."
☻ Pandan yo tap manje, Jezi pran you pen. Li lapriyè.
Li kase-l bay patizan-l yo. Li di yo :
☑ "Pran. Manje ladan nou tout. Sa se kò mwen."
• Li pran you vè. Li lapriyè di mèsi. Li ba yo-l. Li di :
☑ "Pran. Bwè ladan nou tout. Reyèlman vre, sa se san mwen.
Se san lòt kontra-a, ki koule pou anpil moun,
pou peche yo kab padonnin. Men, m-asire nou :
depi kounyè-a, mwen pap bwè diven ki soti nan pye rezen ankò,
jis jou pou-m bouè diven fèk fèt, ansanm avè-n,
nan kote Papa mwen wa-a."
• Lè yo ti-n chante kantik, yo soti al nan Mòn Piè Oliv yo.
Vwala Jezi di yo :
☑ "Nou tout, nou pral tonbe, poutèt mouin, aswè-a menm.
Men sa ki ekri : 'M-a frape gadyin an, ki fè bann mouton an va gaye.
Men, apre m-a fi-n leve, m-a pati nan Galile, devan nou."
☻ Pyè menm reponn Jezi :
☻ Yo tout mèt tonbe, poutèt ou,
mwen menm, nan pwen jou pou-m tonbe."
• Jezi di Pyè :
☻ "An verite, m-asire ou : Aswè-a menm,
anyan kok chante, ou-a rejte-m twa fwa !"
• Pyè di Jezi :
☻ "Menm si mwen dwe mouri ansanm avè ou,
nan pwen jou pou-m rejte ou."
• Se menm jan, tout patizan yo pale tou.
Vwala Jezi rive avè yo nan you bitasion yo rele Jetsemani.
Li di patizan yo :
☑ '"Chita isit la, pandan mouin pral lapriyè pi louin laba-a."
• Jezi pran Piè ak 2 pitit Zebede yo avè-l.
Li komanse santi lapinn ak degoutans. Vouala li di yo :
☑ "Nanm mouin chagrin, dekoua pou-m ta mouri.
Rete la. Veye ansanm avè-m."
• Li fè you ti vanse. Li lage kò-l fas atè.
Li mete lapriyè. Li di :
☑ "Papa mouin, si sa kab fèt, fè vè anmè sa-a pase louin-m.
Men, se pa jan mouin vle-a, min se jan ou minm, ou vle-a."
• Jezi vi-n kot patizan-l yo. Li jouinn yo ap dòmi. Li di Piè :
☑ "Konsa, nou pa te gin kouray ret i-nè d-tan ap veye avè-m ?
Veye non. Lapriye pou nou pa pran nan piej.
Lespri-a cho, min kò-a fèb."
• Li tounin al lapriyè you dezièm foua. Li di :
☑ "Papa mouin, si sa-a pa kab pase san m-pa bouè li,
se pou volonte ou fèt."
• Li retounen bò kot patizan-l yo. Li jouinn yo ap dòmi.
Reyèlman vre, je yo te lou.
Konsa, li kite yo. Li tounin al lapriyè you touazièm foua.
Li tounen di menm paròl la.
Vwala li vi-n kot patizan-l yo ankò. Li di yo :
☑ "Dòmi non. Poze kè-n. Min lè-a vanse rive.
Yo pral remèt Pitit moun nan nan men pechè yo. Leve non.
An-n ale. Men neg k-ap fè pran-m nan vanse rive.
• Pandan Jezi tap pale toujou, min Jida, youn nan douz yo, vini.
Chèt prèt ak ansyin nan pèp la yo, te voye you bann moun avè-l.
Yo vini ak manchèt ak baton. Nèg ki tap fè pran-l nan
te ba yo you mak, pou yo rekonèt li : li te di :
♦ "Sa m-a bo-a, se li minm. Kinbe li."
• Menm moman an, Jida mache sou Jezi. Li di :
♦ "Bonswa, Mèt."
• Li bo Jezi. Jezi di li :
☑ "Kanmarad, se pou sa ou la."
• Vwala yo proche. Yo mete min sou Jezi. Yo kinbe li.
Men youn nan sa ki te ak Jezi yo, lonje min li, li soti manchèt li,
Nan frape domestik chèf prèt la, li koupe zorèy li.
Vwala Jezi di li :
☑ "Remèt manchèt la nan plas li.
Tout moun ki pran manchèt, manchèt va touye yo tou.
Ou konprann mouin pa kab rele Papa-m ?
Li ta voye pase douz lame mesaje ban mouin, kounie-a.
Men, kouman sa ki ekri-a : 'Fòk sa fèt konsa', a tè pou-l rive non ?"
• Lè sa-a, Jezi di foul yo :
☑ "Se tankou sou you asasin nou vini,
ak manchet ak baton, pou nou pran-m.
Chak jou, mouin te chita nan kay sakre-a ap preche,
e nou pa te kinbe-m. Tou sa fèt pou sa profèt yo te ekri-a rive."
• Vwala tout patizan-l yo lage-l. Yo sove.
• Moun ki te kenbe Jezi yo, minnin-l ale kay Kayit, chef prèt la.
Se la profesè ak ansyen yo sanble
Pyè te ret lwen ap swiv li, jis nan lakou chèt prèt la.
Li rantre anndan. Li te chita ak gad yo,
pou-l ouè kouman sa te pral fini.
Chèt prèt yo ak tout tribinal la tap chèche you manti kont Jezi,
pou yo te kab touye li.
Men, yo pa jwenn, kwak anpil temwen vi-n fè manti sou li:
Pi ta, gen de ki vi-n di :
♦ "Nèg sa-a te di : 'Mwen kab kraze kay sakre Bondye-a,
Lèfini, m-a tounen monte-| sou toua jou."
• Chèt prèt la leve. Li di Jezi :
♦ "Ou pa reponn anyin ? Sa mesie sa yo deklare sou ou konsa ?"
• Jezi pa louvri bouch li.
Chèt prèt la di li :
♦ "Mouin mande ou, o non Bondie ki gin lavi-a,
pou ou pale n si se ou ki se Kris la, Pitit Bondie-a ?"
• Jezi di li :
☑ "Se sa ou di-a. Min, m-asire nou :
depi kounie-a, n-a ouè Pitit moun nan chita adouat Bondie.
L-a vini sou niaj siel yo."
• Vwala chèt prèt la chire rad li. Li di :
♦ "Li joure Bondie. Sa nou bezouin lòt temouin ankò ?
Men kounie-a, nou sot tande joure-l la. Sa nou di ?"
• Yo reponn :
♦ "'Se lanmò li merite."
• Vwala, yo krache nan figi-l. Yo ba-l kout pwen.
Genyen ki ba-l souflèt. Yo tap di :
• Fè you kout profèt pou nou, Kris. Kilès ki frape ou ?"
• Pyè te chita deyò nan lakou-a.
You bon vanse sou li. Li di Piè :
♦ "Ni ou menm tou, ou te avèk Jezi, nèg. Galile-a !'
♦ Pyè di non devan yo tout. Li di :
☻ "M-pa konn sa ou ap di la-a."
• Etan li te pral bò bariè-a, you lot ouè li.
Li di sa ki te la yo :
♦ "Monche te ak Jezi, nèg Nazarèt la."
• Pyè tounen di non. Li mete sèmante.
☻ "Mwen pa konn nonm nan."
• Yon ti ka dè aprè sa, moun ki te la yo, proche. Yo di Pyè :
♦ "Ni ou minm tou, ou nan moun sa yo sètin.
Ata jan ou pale-a montre sa ou ye."
♦ Vwala Piè komanse madichonnin tèt li ap sèmante :
☑ "M-pa konn nonm nan."
• Menm moman an, you kok mete chante.
Pyè sonje parol Jezi te di-a : "Anvan kòk chante, ou-a rejte-m toua fwa!
Li soti deyò; li kriye san. Lè bajou kase,
tout chèf prèt ak ansyin nan pèp yo
fè you konplo kont Jezi, pou yo wè kouman y-a touye li.
Aprè yo fi-n mare li, yo minnin-l ale pou yo remèt prefè Pilat li.
Vwala, lè Jida, nèg ki te fè pran-l nan, wè yo kondane-l, sa regrèt li.
Li retounin pote 30 piès lajan yo, bay chèf prèt ak ansyin yo." Li di yo :
♦ "Se you peche mwen fè.
Mwen vann san you moun ki pa merite sa."
• Chèf prèt ak ansyin yo reponn :
♦ "Sa sa fè nou ? Sa gade ou."
• Li jete lajan an nan kay sakre-a. Li wete kò-l.
L-al pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase lajan an. Yo di :
♦ "Yo pa gin doua mete-l nan kès la, paske se san y-achte avè-l."
• Aprè yo fin fè you pale, yo pran lajan an.
Avèk lajan an, yo achte jadin nèg ki konn fè krich la,
pou yo fè you simitiè pou etranje.
Se sa ki fè yo rele jadin sa-a 'Jadin san', jis jounin jodi-a.
Vwala parol profèt Jeremi te di-a rive :
Yo pran 30 piès lajan. Se pri yo bay pou nèg moun Izrayel yo achte-a.
Yo bay yo pou jadin nèg ki konn fè krich la,
jan Gran Mèt la te di mouin an.
• Jezi kanpe devan prefe-a. Prete-a mande li :
♦ "Èske ou se wa Jwif yo ?"
• Jezi reponn :
☑ "Se sa ou di-a."
• Men, pandan chèf prèt ak ansyin yo tap fè plint pou li,
li pa reponn anyin.
Vwala Pilat di li :
♦ "Ou pa tande tou sa y-ap deklare sou ou ?"
• Li pa reponn li anyin.
Ki fè, prefè-a te sezi anpil.
Pou chak fèt, prefè-a te gin abitid lage you prizonie bay pèp la.
Sa yo te vle-a. Vouala te gin you prizonie koni, yo te rele Barabas.
Pilat di moun ki te sanble yo :
♦ "Kilès ou vle mouin lage ban nou ?"
Barabas, ou byin Jezi yo rele Kris la ?"
• Pilat te byin konnin se jalouzi ki fè yo te bay Jezi.
Etan li te chita nan tribinal la, madanm li voye di li :
♦ "Pi-nga ou mele nan afè nèg debyin sa-a.
Jodi-a, mouin soufri anpil poutèt li nan rèv."
• Chèf prèt ak ansyen yo, fè bouch pèp la,
pou yo mande Barabas, men pou yo disparèt Jezi.
refè-a mande yo :
♦ "Nan 2 yo, kilès nou vle mwen lage ban nou ?"
• Yo di :
♦ "Barabas!"
• Pilat di yo :
♦ "Men sa m-a fè ak Jezi, yo rele Kris la ?"'
♦ Tout moun reponn :
♦ "Kloure-| sou kwa !"
• Pilat reponn :
♦ "Men, ki mal li fè non ?"
• Yo mete rele pi red :
♦ "Kloure-l sou kwa !"
• Lè Pilat wè sa pa bay anyen, men, se plis dezòd k-ap fèt,
li pran dlo, li lave men-l, devan pèp la. Li di konsa :
♦ "Mwen pa reskonsab san nèg sa-a. Sa, se zafè pa-n !"
• Tout pèp la reponn :
♦ "San-l sou kont nou ak sou kont pitit nou yo."
• Vwala Pilat lage Barabas ba yo. Jezi minm, li fè kale-l.
Lèfini, li remèt yo li, pou yo kloure-l sou koua.
Vwala solda prefè yo pran Jezi avè yo, nan palè-a.
Yo sèkle-l ak tout kolonn jandam yo.
Yo dezabiyè-l. Yo mete you karako rouj sou li.
Yo trese you kouron pikan mete sou tèt li.
Yo mete you banbou nan min douat li. Yo mete ajenou devan-l.
Yo pase-l nan betiz. Yo tap di :
♦ "Bonjou, roua Juif yo !"
• Yo krache sou Jezi. Yo pran banbou-a,
yo tap frape-l nan tèt li. Lè yo fi-n pase-l nan betiz,
yo wete karako-a sou li. Yo mete rad li sou li.
Yo mennen-l ale pou yo kloure-| sou kwa.
• An sotan yo, yo jouinn you nonm peyi Sirènn.
Non-l se te Simon. Yo fose-l pote kwa-a.
Yo rive you kote yo rele Gòlgota, se kote yo rele 'Zo Tèt' la.
Yo ba-l boue you divin yo te melanje a fyèl.
Goute li goute-l, li pa vle bwè-l.
Lè yo fi-n kloure-l sou kwa-a, yo tire rad li yo, pou yo separe yo.
Yo chita la ap veye-l.
Yo mete rezon ki fè yo kondane-l la, anro tèt li.
Yo te ekri : "Nèg sa-a se Jezi, wa Jwif yo.'
Vwala yo kloure 2 asasin sou koua tou, ansanm avè-l.
Youn a douat ak youn a goch.
Moun ki tap pase bò la yo, tap joure Jezi.
Yo tap souke tèt yo, yo tap di:
♦ "Ou menm k-ap kraze kay sakre-a, lèfini,
pou ou tounen monte-l sou twa jou,
sove tèt ou, sị ou se Pitit Bondye. Desann sou kwa-a !"
• Menm jan an tou, chèf prèt yo tap pase Jezi nan betiz,
ansanm ak profesè yo epi ak ansyen yo. Yo tap di :
♦ "Li sove lòt moun, li pa kab sove tèt lị ! Se roua Izrayèl la :
se pou-l desann kounyè-a sou kwa-a. Konsa n-a kwè nan li.
Li mete konfyans li nan Bondye,
se pou Bondye degaje-l kounyè-a, si-l kontan-l.
Apa li ki di : 'Mwen se Pitit Bondye.'
• Ata asasen, yo te kloure sou koua ansanm ave-l yo,
tap derespekte-l menm mannyè,
Vwala depi midi, li fè noua sou tout tè-a, jiska 3 ze.
Vè twa zè, Jezi bay you kalite kout rèl. Li di :
☑ "Eli, Eli, lema sabaktani ?"
• Sa vle di :
☑ "Bondye mwen, Bondye mwen, pouki sa ou lage mwen ?"
• Lè yo tande sa, kèk moun nan sa ki te la yo, di :
♦ "L-ap rele Eli."
• Menm moman an, youn ladan kouri pran you eponj plen vinèg.
Li mete-l nan you banbou pou li ba-l bouè. Lot yo di :
♦ "Kite nou wè si Eli pral vin sove-l."
• Jezi tounen fè yon kalite kout rèl, e li rann souf li.
Men rido kay sakre-a fann de bò, depi anro jis anba.
Tè-a tranble. Ròch fann. Kav ouvè.
Kò anpil moun debyen ki te mouri, leve.
Apre Jezi leve, yo soti nan kav yo.
Yo rantre nan vil sakre-a. Yo parèt devan divès moun.
Ofisye-a ak moun ki tap veye Jezi avè-l yo,
pè yon kalite pè, lè yo wè tranbleman tè-a ak sa ki pase.
Yo di :
♦ "Nèg sa-a te Pitit Bondye sèten."
• Te gen divès medam la, kite ret lwen ap gade.
Se yo ki te konn swiv Jezi depi nan Galile, pou yo okipe-l.
Ladan te gen Mari, moun Magdala-a, ak Mari, manman Jak ak Jozèf,
ak manman ti mesye Zebede yo.
A labri-n di swa, gwn you nonm rich, moun Arimati, ki vini.
Non-l se Jozèf. Se te yon patizan Jezi tou. L-al jwenn Pilat.
Li mande-l kò Jezi-a. Pilat bay lòd ba li-l.
Jozèf pran kò-a, li vlope-l nan you dra pròp.
Li mete-l nan you kav nèf, li te fè touye nan ròch, poutèt pa-l.
Li roule you gro ròch sou bouch kav la. Lè fini, I-ale.
Mari, moun Magdala-a, te la ak lòt Mari-a.
Yo te chita an fas tonm nan.
Landemen, ki te jou apre Preparasyon an,
chèf prèt ak Farizyen yo al kot Pilat, pou yo di-l :
♦ "Mèt, nou vin sonje pandan mèt mantè sa-a tap viv toujou, li te di :
"Aprè twa jou, m-a leve.'
Tanpri, bay lòd pou yo pran prekosyon ak tonm nan,
jis nan twazyèm jou-a, pou patizan-l yo pa al volè-l,
lèfini pou yo di pèp la : 'Li leve soti pami mò yo.'
Dènye manti sa-a ta pi mal pase premye-a."
• Pilat di yo :
♦ "Nou gen you kò gad al pran prekosion yo, jan nou vle."
• Y’al pran prekosyon yo ak tonm nan
Yo make ròch la ak yon so
Yo mete yon kò gad pou veye l.
​ An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
22 Mas 2026
Senkyèm Dimanch Karèm Ane A
Nan Liv Pwofèt Ezekyèl (Chapit 37, sot vèse 12, rive vèse 14)
Men deklarasyon Yave te fè:"Mwen menm, m-a ouvri tonm nou yo, e m’a fè’n soti ladan yo, nou menm, pèp mwen, e m’a fè’n tounen nan peyi Izrayèl. N’a rekonèt, mwen se Yave, lè m’a ouvri tonm nou yo, e lè m’a fè’n soti ladan yo, nou menm, pèp mwen. M’a mete lespri-m anndan nou, e n’a tounen vin gen lavi. M’a enstale’n nan peyi’n nan, e n’a rekonèt, mwen se Yave ki te pale-a, e ki fè sa’l di-a."
Se sa-k deklarasyon Yave-a.
​​
Pawòl Granmèt la​​
Dezyèm Moso Labib
Nan Lèl Pòl ekri Legliz Ròm lan (Chapit 8, sot vèsè 8, rive vèsè 11)
Frè m yo, Se m yo.
​
Moun ki anba pouvwa kò-a pa kab fè Bondye plezi. Men, nou menm, nou pa anba pouvwa kò-a, men anba pouvwa Lespri-a, pwiske Lespri Bondye abite anndan nou. Men, si gen moun ki pa gen Lespri Kris la, yo pa moun pa Kris la. Men, si Kris la anndan nou, kò-a mèt mouri poutèt peche, Lespri-a menm fè nou viv, pwiske nou tounen moun korèk. Men, si Lespri Sila ki fè Jezi leve soti pami mò yo abite anndan nou, Sila ki fè Kris la leve soti pami mò yo va bay ata kò nou ki fèt pou yo mouri yo, lavi, pa pouwa Lespri-l, ki abite anndan nou.
​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 11, sot vèsè 1, rive vèsè 45)
Te gen yon nonm kite trouve-l malad : se te Laza, moun Betani, bouk kote Mari ak Mat, sè-l la, te rete. Se Mari ki te pase losyon sou Gran Mèt la, lèfini, ki te souye pye-l yo, ak cheve-l. Laza ki te malad la, se te frè li. Sè Laza yo voye di Jezi : "Mèt, men nèg ou renmen an, malad." Men, lè Jezi tande sa, li di : "Maladi sa-a pap mennen lanmò, men, I-ap pote konpliman pou Bondye. Y-a fè konpliman pou Pitit Bondye-a, poutèt li." Jezi te renmen ni Mat, ni sè-l la, ni Laza. Lè li tande Laza malad menm, li rete kote li te ye-a 2 jou toujou. Lèfini, apre sa, li di patizan-l yo :
"An-n tounen al nan Jide." Patizan-l yo di-l : "Rabi, Jwif yo fèk chèche kalonnen ou, e w’ap tounen nan peyi yo ?" Jezi reponn : "Apa 12 è-d tan, ki genyen nan you lajounen ? Si se lajounen yon moun ap mache, li pa bite, paske li wè limyè tè-a. Men, si se lannwit yon moun ap mache. li bite, paske li pa gen limyè avè-l." Lè-l fin di yo sa, li di toujou : "Laza, zanmi-n nan, ap dòmi. Men, mwen pral reveye-l" Patizan-l yo menm di li : "Mèt, si se dòmi l-ap dòmi, l-a gaya." Jezi menm tap pale de lanmò, mesye yo menm te konprann li tap pale de dòmi tout bon. Alò, Jezi pale yo klè, li di yo : "Laza mouri. Poutèt nou, mwen kontan mwen pa te la, pou nou kab kwè. Men, an-n al kote-l." Toma menm, sa yo rele Marasa-a, di lòt patizan parèy li yo : "An-n ale, nou menm tou, konsa, n-a mouri ansanm avè-l." Lè Jezi rive, li jwenn Laza deja gen 4 jou nan kav la. Betani te pre Jerizalèm, distans you 3 kilomèt konsa.
Anpil Jwif te vin kay Mat ak Mari, pou yo konsole yo, pou frè yo-a. Mat menm, kou li tande Jezi ap vini, l-al rankontre-l. Mari menm te chita nan kay la. Mari di Jezi : "Mèt, si ou te la, frè-m nan pa ta mouri. Ata kounyè-a, mwen konnen, nenpòt kisa W-a mande Bondye, Bondye va ba ou-L." Jezi di-l : "Frè w la va leve." Mat di-l: "Mwen konnen l-a leve, nan dènye jou, lè mò va leve." Jezi di-l : "Leve-a ak lavi-a, se mwen menm. Moun ki kwè nan mwen, li mèt te mouri, l-a viv. Depi yon moun kwè nan mwen, li pap janm mouri. Èske ou kwè sa ?" Mat reponn li : "Oui, Mèt, mwen kwè : ou se Kris la. Ou se Pitit Bondye-a. Ou se Sila ki te dwe vini sou tè-a." Lè Mat fin di sa, l-al rele Mari, sè-l la. Li di-l nan zorèy : "Mèt la la, l-ap rele ou." Tande Mari tande sa, li leve prese al jwenn li, Jezi potko rive nan bouk la, men, li te kote Mat te al rankontre-l la, toujou. Jwif yo menm ki tap konsole Mari nan kay la, wè-l leve prese pou-l soti. Yo swiv li. Yo te konprann li te pral bò kav la, pou-l kriye. Lè-l rive kote Jezi te ye-a, wè li wè-l, Mari lage kò-l nan pye-l, li di-l :
"'Mèt, si ou te la, frè-m nan pa ta mouri." Jezi menm, lè li wè-l ap kriye, lẻ li wè Jwif ki te avè-l yo ap kriye tou, li santi kè-l ap rache, li boulvèse. Li di : "Kote ou mete-| ?" Yo di-l : "Mèt, vin wè non !" Dlo kouri nan je Jezi. Jwif yo menm tap di : "Gade jan li te renmen-l." Men genyen ladan yo ki tap di : "Apa li ki te ouvè je avèg la, èske li pat kab fè nèg la pa mouri ?" Jezi menm tounen santi kè-l ap rache. Li al bò kav la. Se te yon trou wòch, ak you gwo wòch sou li. Jezi di: "wete wòch la." Mat, sè Laza-a, di-l : "Mèt, li deja santi. Sa fè-l 4 jou." Jezi di-l : "Mat, èske m-pa te di ou, si ou kwè, w’a wè pouvwa Bondye ?" Yo wete wòch la. Jezi voye je-l anlè, li di : "Papa o, mwen di ou mèsi, paske ou koute mwen. Mwen te byen konnen, ou toujou koute-m. Men, se pou pèp ki la toutotou-m yo, mwen di sa, pou yo kab kwè se ou ki voye-m." Lé li fin di sa, li rele byen fò : "Laza, vin deyò !" Mò-a menm soti, pye-l ak men-l tou mare ak ti bann twal, figi-l vlope nan yon mouchwa. Jezi menm di yo : "Lage-l. Kite-l ale." Anpil nan Jwif yo, ki te vin wè Mari yo, kwè nan li, lè yo wè sa li fè-a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
Premye Moso Labib
Lekti yo an Kreyòl
Dimanch
15 Mas 2026
Katriyèm Dimanch Karèm Ane A
Premye Moso Labib
Nan Lèt Pòl ekri Legliz Efèz la (Ch 5, sot vèsè 8, rive 14)
Yave di Samyèl : "Kouman ? Ki lè W’a bouke kriye pou Sayil, kan mwen menm, mwen deside pou-l sispann kòmande Izrayèl ? Plen kò nou a lwil, epi pati. Mwen voye ou kay Jese, nèg Bètleyèm nan, paske se youn nan pitit li yo mwen chwazi kòm wa." Samyèl di Yave : "Men, kouman mwen ta fè ale ? Si Sayil rive konn sa, l-a touye-m." Yave reponn li : "Pran yon ti gazèl bèf avè ou, e w’a di : 'Se yon sèvis, mwen vin fè pou Yave? W’a invite Jese nan manje-a, e m’a di ou sa pou ou fè, o non mwen, e w’a sakre wa, moun m’a montre w la." amyèl fè sa Yave te di-l la, e li pati Bètleyèm. Pèsonnaj lavil la kouri al rankontre-l, yo di-l : "Èske se bòn nouvèl ou pote ?" Samyèl reponn : "Wi, mwen vin fè yon sèvis pou Yave. Pare-n pou-n vin fè sèvis la ansanm avè-m." Li te envite Jese ak pitit li yo tou, nan sèvis la. Lè yo rive, Samyèl wè Elyab, e li di : "Siman, se li Yave chwazi-a." Men, Yave di Samyèl : "Pa jije sou sa-k parèt, ni sou wotè-l, paske mwen pa vle-l. Sa moun wè pa konte. Moun wè sa-k parèt sèlman, men, Bondye li menm gade kè moun." Se konsa Jese parèt ak 7 pitit li yo devan Samèl, e Samyèl di-l: "Se pa yo menm Bondye chwazi." Jese reponn li: "Rete pi piti-a : li Mennen mouton yo nan patiraj." Samyèl di-l : "Voye chèche-l, e nou pap kòmanse manje, tout tan li pa parèt isit la." Se konsa, yo voye chèche pi piti-a : figi-l te ròz, je-l te bèl, e mi-n li te frè. Bondye di Samyèl : " An nou wè ! Sakre-l ak Iwil: se li menm." Samyèl pran kò lwil li-a, e li sakre-l devan tout frè-l yo. E depi jou sa-a, Lespri Bondye antre sou David.
​​​
Pawòl Granmèt la​​
Dezyèm Moso Labib
Nan Premye Liv Samyèl (Chapit 16, sot vèsè 1, rive vèsè 13)
Frè m yo, Se m yo.
Reyèlman vre, lontan, se fènwa nou te ye. Kounyè-a menm, nou se limyè, nan Gran Mèt la. Mache non, tankou pitit limyè.
​​
Gade byen ! Sa limyè pote, se aji byen ak moun, tout jan, se jistis ak laverite. Chèche konprann sa ki fè Gran Mèt la plezi. Pi-nga nou mete ankò ak zèv fènwa, ki pa rapote anyen. Mete yo deyò, pito.
​
Reyèlman vre, zak moun sa yo ap fè an kachèt, se bagay pou moun menm wont pale. Men, lè moun mete yo deyò, limyè fè yo parèt pou sa yo ye. Tou sa ki parèt klè, se limyè. Se poutèt sa, yo di : 'Ou menm k-ap dòmi an, leve sot nan dòmi ! Leve sot pami mò yo, Kris la va klere ou !'
​​​
Pawòl Granmèt la
Evanjil
Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 9, sot vèsè 1, rivé vèsè 41)
Etan Jezi tap pase yon kote, li wè you nonm ki te avèg depi li fèt. Patizan-l yo mande-l : "Rebi, se nèg la, ou byen se paran-l yo ki fè peche, kifè, li fèt tou avèg ?" Jezi reponn yo : "Se pa ni li menm, ni paran-l yo ki fè peche. Men, se pou travay Bondye ap fè-a, kab parèt poutèt li. Fòk nou fè travay Sila ki voye-m nan, tout tan se lajounen. Lannwit ap rive. Lè konsa, pèsonn pa kab travay. Pandan mwen sou tè-a, se limyè tè-a, mwen ye." Lè li fin di Jezi sa, li krache atè. Li fè labou ak krache-a, li frote labou-a sou je avèg la. Li di-l : "Al lave kò ou nan basen Siloe - mo ki vle di : nèg ou voye-a. Avèg la ale, li lave kò-l : lè li tounen, li te wè. Vwazinaj menm ak moun ki te konn wè-l ap mande lacharite anvan, tap di : "Se pa nèg ki te konn chita ap mande charite-a ?" Yon pòsyon tap di : "Se li." Yon lòt pòsyon tap di : "Non. Men, li sanble avè-l." Li menm menm, li tap di: "Se mwen menm !" Yo menm yo tap plede mande-l : "Kouman fè, je ou ouvè non ?" Li reponn yo : "Nonm yo rele Jezi-a fè labou. Li frote je-m avè-l. Li di-m al lave kò-m Siloe. M-ale. Lave mwen lave kò-m, mwen wè. " Yo mande-l : "Kote nèg sa-a ?" Li reponn yo : "Mwen pa konnen."
​​
Vwala yo mennen nèg ki te avèg anvan an bay Farizyen yo. Trouve, jou Jezi te fè labou-a pou-l ouvè je-l yo, sete yon jou repo. Farizyen yo menm tounen mande nèg la : kouman fè li wè. Li reponn yo : "Li mete labou sou je-m, mwen lave kò-m, e mwen wè." Gen kèk Farizyen menm ki tap di : "Nonm sa-a, se pa nan Bondye li soti, pwiske li pa respekte jou repo." Yon lòt pòsyon tap di : "Kouman yon nonm ki peche ta kab fè de kalite mirak konsa ?" Yo pa te dakò youn ak lòt. Yo tounen di avèg la : "Ou menm sa ou di de li, pou je ou li ouvè-a ?" Li reponn : "Se yon profèt li ye." Jwif yo menm pa te vle kwè nèg la te avèg, lè fini li wè. Yo fè jistan yo rele paran-l yo. Yo mande yo : "Èske nèg sa-a se pitit gason-n, nou di ki te fèt tou avèg la ? Kouman fè li wè kounyè-a ?" Paran-l yo reponn : "Nou konnen, nèg sa-a, se pitit gason-n, e li te fèt tou avèg. Kouman fè li wè kounyè-a, nou pa konnen. Ou byen, kilès ki ouvè je-l, nou menm menm, nou pa konnen. Mande-l. Li granmoun, l-a pale pou tèt pa-l." Sa-k te fè paran-l yo di sa, se paske yo te pè Juif yo.
​
Réyelman vre, Jwif yo te deja mete tèt yo dakò sou sa : si you moun gen malè deklare Jezi se Kris la, y-ap mete-l deyò nan reyinyon yo. Se poutèt sa, paran-l yo di : "Li granmoun, mande-l." Vwala, yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa, yo di-l: "Fè konpliman pou Bondye nou menm, nou konnen, nonm sa-a sé you péchè." Nèg la menm reponn : "Mwen pa konnen si se you peche li ye. You sèl bagay mwen konnen : m-te avèg, kouneyè-a mwen wè." Yo mande-l : "Sa-l fè ? Kouman li ouvè je ou ?" Li reponn yo : "Mwen te pale-n deja, nou pa te koute. Poukisa nou vle tande koze-a ankò ? Èske nou menm tou, nou ta vle tounen patizan-l ?"
​​
Yo joure-I byen joure, yo di-l konsa : "Ou mèt patizan nèg la. Nou menm menm, se patizan Moyiz nou ye. Nou menm, nou konnen, Bondye te pale ak Moyiz. Men, sa-a, nou pa konn kote li soti." Nèg la reponn yo : "Sa menm, se sezi nou fè-m sezi : li ouvè je-m, ak tou sa, nou menm, nou pa konn kote-l soti ! Nou byen konnen, Bondye pa koute peche yo. Men, si you moun relijye, si-l fè volonte-l, se li, li koute. Kote yo janm tande yon nèg ouvè je yon moun ki te fèt tou avèg ? Si se pat nan Bondye li te soti, li pa te kab fè anyen." Yo reponn li : "Se nan peche ou fèt nèt, pou ou pèmèt ap preche-n kounyè-a !" Yo mete-l deyò. Jezi te tande, yo mete-l deyò. Le li jwenn avè-l, li di-l : "Èske ou kwè nan Pitit moun nan ?" Nèg la reponn : "Mèt, kilès li ye, pou-m kab kwè nan li ?" Jézi di-l : "Ou wè-l la-a. Se li menm menm k-ap pale avè w." Alò, li di : "Mèt, mwen kwè." E li mete ajenou devan-l. Jezi di-l : "Mwen vin sou tè-a, pou-m fè yon jijman. Konsa, sa ki pa wè yo, va wè, sa ki wè yo va vi-n avèg." Kèk Farizyen ki te avè-l tande sa, kifè yo di-l : "Pou di, nou menm tou, nou avèg ?" Jezi reponn yo : "Si nou te avèg, nou pa ta gen peche. Alèkile, nou di nou wè poutèt sa, peche nou an rete la."
​​​​​
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a
