top of page

Sunday Readings/

Lekti pou Dimanch

Sunday
March 29, 2026

Palm Sunday of the Lord's Passion

Lekti yo an Kreyòl

Dimanch
29 Mas 2026

Dimanch Ramo Ane A

Premye Moso Labib

Nan Liv Pwofèt Izayi (Chapit 50, sot vèse 4, rive vèse 7)

Bondye Gran Mèt la fè-m pale yon lang ki senp. Konsa, m-a konn kouman pou-m konsole moun ki blayi plat atè yo. Chak maten, Pawòl la leve-m nan kabann mwen. Li leve-m chak maten, e-m drese fèy zorèy mwen pou-m koute-l, tankou yon elèv. Epi mwen menm, mwen pa fè ròklò, mwen pa demake-l. Mwen lage po do-m bay moun ki tap    bemen-m yo. Mwen lonje bò figi-m bay moun ki tap rache bab mwen yo. Mwen pa rele figi-m ni devan jouman, ni devan sa ki tap krache sou mwen yo. Bondye Gran Mèt la vi-n pote-m sekou : ositou, jouman pa   fè-m anyen. Se sa-k fè mwen fè figi- vi-n di tankou roch. Mwen konnen mwen pap soti pèdan.

     Pawòl Granmèt la

Dezyèm Moso Labib

Nan Lèl Pòl ekri Legliz Filip la (Chapit 2, sot vèsè 6, rive vèsè 11)

Malgre Kris la se Bondye, li pat rete kole nan plas Bondye-a. Men, okontrè, li te lage tout pouvwa-l atè, jouk li te rive nan menm pwen ak yon esklav, li te vin nan menm pwen ak tout kretyen vivan. Nan pwen anyen ki te kab fè di li pat moun. Pi rèd atò, li te menm aksepte mouri, mouri sou yon kwa ankò. Se poutèt sa, Bondye leve-l anlè, pi wo pase tout bagay. Bondye ba-l yon non, ki pı plis pase tout non. Konsa,             lè yo tande non Jezi, tout vivan, kit anwo nan syèl la, kit sou tè-a,          kit anba, nan bafon an, tout va pliye jenou yo atè, e tout ras moun          va deklare : *Jezi-Kri se Gran Mèt la, pou Iwanj Bondye Papa-a'.

     Pawòl Granmèt la

Evanjil

Men kouman Matye rakonte soufrans ak lanmò Jezi
    (Chapit 26, sot vèsè 14, rive chapit 27, vèsè 66)

• Vwala youn nan douz mesie yo, sa yo rele Jida Iskariot la, al jwenn chèf prèt yo, pou-l di yo :

 "Sa nou vle ban mwen, pou-m fè nou pran Jezi ?"

• Yo konte trant pyès lajan ba li.

     Depi lè sa-a, li tap chèche you bon okazyon, pou-l fè pran-l.

     Premye jou Jwif yo kuit pen san levin, patizan yo vi-n di Jezi :

 "Kote ou vle nou pare manje Fèt Pak, pou ou manje-a ?"

• Jezi reponn :

☑ "Al lavil kay entèl. N-a di-l konsa : Profesè-a di konsa :

   Tan-m vanse rive. Se lakay ou m-ap fè manje Fèt Pak la,

   ansanm ak patizan mwen yo."

• Patizan yo fè jan Jezi te di yo-a.

     Yo pare manje Fèt Pak la.

     Alabri-n di soua, Jezi chita a tab, ansanm ak douz patizan-l yo.

     Pandan yo tap manje, li di yo :

☑ "An verite, m-asire nou : youn nan nou pral fè yo pran-m."

• Yo vi-n chagren anpil. Yo chak komanse di-l :

 "Èske se mouin minm, Mèt ?"

• Men, Jezi reponn :

☑ "Nèg ki plonje men-l, ansanm avè-m, nan bol la,

     se li ki pral fè pran-m.

     Pitit moun nan menm ap ale ale-l, jan sa te ekri pou li-a.

     Men, zafè nonm sa-a, ki pral fè pran Pitit moun nan.

     Li ta pi bon pou nonm sa-a, si li pa te janm fèt.

• Jida, trèt la, reponn li :

 "Èske se mwen menm, Mèt ?"

• Jezi di-l :

☑ "Se sa ou di-a."

 Pandan yo tap manje, Jezi pran you pen. Li lapriyè.

     Li kase-l bay patizan-l yo. Li di yo :

☑ "Pran. Manje ladan nou tout. Sa se kò mwen."

• Li pran you vè. Li lapriyè di mèsi. Li ba yo-l. Li di :

☑ "Pran. Bwè ladan nou tout. Reyèlman vre, sa se san mwen.

     Se san lòt kontra-a, ki koule pou anpil moun,

     pou peche yo kab padonnin. Men, m-asire nou :

     depi kounyè-a, mwen pap bwè diven ki soti nan pye rezen ankò,

     jis jou pou-m bouè diven fèk fèt, ansanm avè-n,

     nan kote Papa mwen wa-a."

• Lè yo ti-n chante kantik, yo soti al nan Mòn Piè Oliv yo.

     Vwala Jezi di yo :

☑ "Nou tout, nou pral tonbe, poutèt mouin, aswè-a menm.

     Men sa ki ekri : 'M-a frape gadyin an, ki fè bann mouton an va gaye.

     Men, apre m-a fi-n leve, m-a pati nan Galile, devan nou."

 Pyè menm reponn Jezi :

 Yo tout mèt tonbe, poutèt ou,

     mwen menm, nan pwen jou pou-m tonbe."

• Jezi di Pyè :

 "An verite, m-asire ou : Aswè-a menm,

     anyan kok chante, ou-a rejte-m twa fwa !"

• Pyè di Jezi :

 "Menm si mwen dwe mouri ansanm avè ou,

     nan pwen jou pou-m rejte ou."

• Se menm jan, tout patizan yo pale tou.

     Vwala Jezi rive avè yo nan you bitasion yo rele Jetsemani.

     Li di patizan yo :

☑ '"Chita isit la, pandan mouin pral lapriyè pi louin laba-a."

• Jezi pran Piè ak 2 pitit Zebede yo avè-l.

     Li komanse santi lapinn ak degoutans. Vouala li di yo :

☑ "Nanm mouin chagrin, dekoua pou-m ta mouri.

     Rete la. Veye ansanm avè-m."

• Li fè you ti vanse. Li lage kò-l fas atè.

     Li mete lapriyè. Li di :

☑ "Papa mouin, si sa kab fèt, fè vè anmè sa-a pase louin-m.

     Men, se pa jan mouin vle-a, min se jan ou minm, ou vle-a."

• Jezi vi-n kot patizan-l yo. Li jouinn yo ap dòmi. Li di Piè :

☑ "Konsa, nou pa te gin kouray ret i-nè d-tan ap veye avè-m ?

     Veye non. Lapriye pou nou pa pran nan piej.

     Lespri-a cho, min kò-a fèb."

• Li tounin al lapriyè you dezièm foua. Li di :

☑ "Papa mouin, si sa-a pa kab pase san m-pa bouè li,

     se pou volonte ou fèt."

• Li retounen bò kot patizan-l yo. Li jouinn yo ap dòmi.

     Reyèlman vre, je yo te lou.

     Konsa, li kite yo. Li tounin al lapriyè you touazièm foua.

     Li tounen di menm paròl la.

     Vwala li vi-n kot patizan-l yo ankò. Li di yo :

☑ "Dòmi non. Poze kè-n. Min lè-a vanse rive.

     Yo pral remèt Pitit moun nan nan men pechè yo. Leve non.

     An-n ale. Men neg k-ap fè pran-m nan vanse rive.

• Pandan Jezi tap pale toujou, min Jida, youn nan douz yo, vini.

     Chèt prèt ak ansyin nan pèp la yo, te voye you bann moun avè-l.

     Yo vini ak manchèt ak baton. Nèg ki tap fè pran-l nan
     te ba yo you mak, pou yo rekonèt li : li te di :

♦ "Sa m-a bo-a, se li minm. Kinbe li."

• Menm moman an, Jida mache sou Jezi. Li di :

♦ "Bonswa, Mèt."

• Li bo Jezi. Jezi di li :

☑ "Kanmarad, se pou sa ou la."

• Vwala yo proche. Yo mete min sou Jezi. Yo kinbe li.

     Men youn nan sa ki te ak Jezi yo, lonje min li, li soti manchèt li,

     Nan frape domestik chèf prèt la, li koupe zorèy li.

     Vwala Jezi di li :

☑ "Remèt manchèt la nan plas li.

     Tout moun ki pran manchèt, manchèt va touye yo tou.

     Ou konprann mouin pa kab rele Papa-m ?

     Li ta voye pase douz lame mesaje ban mouin, kounie-a.

     Men, kouman sa ki ekri-a : 'Fòk sa fèt konsa', a tè pou-l rive non ?"

• Lè sa-a, Jezi di foul yo :
☑ "Se tankou sou you asasin nou vini,

     ak manchet ak baton, pou nou pran-m.
     Chak jou, mouin te chita nan kay sakre-a ap preche,

     e nou pa te kinbe-m. Tou sa fèt pou sa profèt yo te ekri-a rive."

• Vwala tout patizan-l yo lage-l. Yo sove.

• Moun ki te kenbe Jezi yo, minnin-l ale kay Kayit, chef prèt la.

     Se la profesè ak ansyen yo sanble
     Pyè te ret lwen ap swiv li, jis nan lakou chèt prèt la.
     Li rantre anndan. Li te chita ak gad yo,

     pou-l ouè kouman sa te pral fini.
     Chèt prèt yo ak tout tribinal la tap chèche you manti kont Jezi,

     pou yo te kab touye li.
     Men, yo pa jwenn, kwak anpil temwen vi-n fè manti sou li:
     Pi ta, gen de ki vi-n di :

♦ "Nèg sa-a te di : 'Mwen kab kraze kay sakre Bondye-a,

Lèfini, m-a tounen monte-| sou toua jou."

• Chèt prèt la leve. Li di Jezi :

♦ "Ou pa reponn anyin ? Sa mesie sa yo deklare sou ou konsa ?"

• Jezi pa louvri bouch li.

     Chèt prèt la di li :

♦ "Mouin mande ou, o non Bondie ki gin lavi-a,

     pou ou pale n s s Kris la, Pitit Bondie-a ?"

• Jezi di li :

☑ "Se sa ou di-a. Min, m-asire nou :

     depi kounie-a, n-a ouè Pitit moun nan chita adouat Bondie.

     L-a vini sou niaj siel yo."

• Vwala chèt prèt la chire rad li. Li di :

♦ "Li joure Bondie. Sa nou bezouin lòt temouin ankò ?

     Men kounie-a, nou sot tande joure-l la. Sa nou di ?"

• Yo reponn :

♦ "'Se lanmò li merite."

• Vwala, yo krache nan figi-l. Yo ba-l kout pwen.
     Genyen ki ba-l souflèt. Yo tap di :

• Fè you kout profèt pou nou, Kris. Kilès ki frape ou ?"

• Pyè te chita deyò nan lakou-a.
     You bon vanse sou li. Li di Piè :

♦ "Ni ou menm tou, ou te avèk Jezi, nèg. Galile-a !'

♦ Pyè di non devan yo tout. Li di :

 "M-pa konn sa ou ap di la-a."

• Etan li te pral bò bariè-a, you lot ouè li.
     Li di sa ki te la yo :

♦ "Monche te ak Jezi, nèg Nazarèt la."

• Pyè tounen di non. Li mete sèmante.

☻ "Mwen pa konn nonm nan."

• Yon ti ka dè aprè sa, moun ki te la yo, proche. Yo di Pyè :

♦ "Ni ou minm tou, ou nan moun sa yo sètin.

     Ata jan ou pale-a montre sa ou ye."

♦ Vwala Piè komanse madichonnin tèt li ap sèmante :

☑ "M-pa konn nonm nan."

• Menm moman an, you kok mete chante.
     Pyè sonje parol Jezi te di-a : "Anvan kòk chante, ou-a rejte-m toua fwa!

     Li soti deyò; li kriye san. Lè bajou kase,

     tout chèf prèt ak ansyin nan pèp yo
     fè you konplo kont Jezi, pou yo wè kouman y-a touye li.
     Aprè yo fi-n mare li, yo minnin-l ale pou yo remèt prefè Pilat li.
     Vwala, lè Jida, nèg ki te fè pran-l nan, wè yo kondane-l, sa regrèt li.
     Li retounin pote 30 piès lajan yo, bay chèf prèt ak ansyin yo." Li di yo :
♦ "Se you peche mwen fè.

     Mwen vann san you moun ki pa merite sa."

• Chèf prèt ak ansyin yo reponn :

♦ "Sa sa fè nou ? Sa gade ou."

• Li jete lajan an nan kay sakre-a. Li wete kò-l.

     L-al pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase lajan an. Yo di :

♦ "Yo pa gin doua mete-l nan kès la, paske se san y-achte avè-l."

• Aprè yo fin fè you pale, yo pran lajan an.

     Avèk lajan an, yo achte jadin nèg ki konn fè krich la,

     pou yo fè you simitiè pou etranje.
     Se sa ki fè yo rele jadin sa-a 'Jadin san', jis jounin jodi-a.
     Vwala parol profèt Jeremi te di-a rive :
     Yo pran 30 piès lajan. Se pri yo bay pou nèg moun Izrayel yo achte-a.
     Yo bay yo pou jadin nèg ki konn fè krich la,

     jan Gran Mèt la te di mouin an.

• Jezi kanpe devan prefe-a. Prete-a mande li :

♦ "Èske ou se wa Jwif yo ?"

• Jezi reponn :

☑ "Se sa ou di-a."

• Men, pandan chèf prèt ak ansyin yo tap fè plint pou li,

     li pa reponn anyin.

     Vwala Pilat di li :

♦ "Ou pa tande tou sa y-ap deklare sou ou ?"

• Li pa reponn li anyin.

     Ki fè, prefè-a te sezi anpil.
     Pou chak fèt, prefè-a te gin abitid lage you prizonie bay pèp la.
     Sa yo te vle-a. Vouala te gin you prizonie koni, yo te rele Barabas.

     Pilat di moun ki te sanble yo :

♦ "Kilès ou vle mouin lage ban nou ?"

     Barabas, ou byin Jezi yo rele Kris la ?"

• Pilat te byin konnin se jalouzi ki fè yo te bay Jezi.

     Etan li te chita nan tribinal la, madanm li voye di li :

♦ "Pi-nga ou mele nan afè nèg debyin sa-a.

     Jodi-a, mouin soufri anpil poutèt li nan rèv."

• Chèf prèt ak ansyen yo, fè bouch pèp la,

     pou yo mande Barabas, men pou yo disparèt Jezi.
     refè-a mande yo :

♦ "Nan 2 yo, kilès nou vle mwen lage ban nou ?"

• Yo di :

♦ "Barabas!"

• Pilat di yo :

♦ "Men sa m-a fè ak Jezi, yo rele Kris la ?"'

♦ Tout moun reponn :

♦ "Kloure-| sou kwa !"

• Pilat reponn :

♦ "Men, ki mal li fè non ?"

• Yo mete rele pi red :

♦ "Kloure-l sou kwa !"

• Lè Pilat wè sa pa bay anyen, men, se plis dezòd k-ap fèt,

     li pran dlo, li lave men-l, devan pèp la. Li di konsa :

♦ "Mwen pa reskonsab san nèg sa-a. Sa, se zafè pa-n !"

• Tout pèp la reponn :

♦ "San-l sou kont nou ak sou kont pitit nou yo."

• Vwala Pilat lage Barabas ba yo. Jezi minm, li fè kale-l.

     Lèfini, li remèt yo li, pou yo kloure-l sou koua.

     Vwala solda prefè yo pran Jezi avè yo, nan palè-a.

     Yo sèkle-l ak tout kolonn jandam yo.

     Yo dezabiyè-l. Yo mete you karako rouj sou li.

     Yo trese you kouron pikan mete sou tèt li.

     Yo mete you banbou nan min douat li. Yo mete ajenou devan-l.

     Yo pase-l nan betiz. Yo tap di :

♦ "Bonjou, roua Juif yo !"

• Yo krache sou Jezi. Yo pran banbou-a,

     yo tap frape-l nan tèt li. Lè yo fi-n pase-l nan betiz,

     yo wete karako-a sou li. Yo mete rad li sou li.

     Yo mennen-l ale pou yo kloure-| sou kwa.

 • An sotan yo, yo jouinn you nonm peyi Sirènn.

     Non-l se te Simon. Yo fose-l pote kwa-a.

     Yo rive you kote yo rele Gòlgota, se kote yo rele 'Zo Tèt' la.

     Yo ba-l boue you divin yo te melanje a fyèl.

     Goute li goute-l, li pa vle bwè-l.

     Lè yo fi-n kloure-l sou kwa-a, yo tire rad li yo, pou yo separe yo.

     Yo chita la ap veye-l.

     Yo mete rezon ki fè yo kondane-l la, anro tèt li.

     Yo te ekri : "Nèg sa-a se Jezi, wa Jwif yo.'

     Vwala yo kloure 2 asasin sou koua tou, ansanm avè-l.

     Youn a douat ak youn a goch.

     Moun ki tap pase bò la yo, tap joure Jezi.

     Yo tap souke tèt yo, yo tap di:

♦ "Ou menm k-ap kraze kay sakre-a, lèfini,

     pou ou tounen monte-l sou twa jou,

     sove tèt ou, sị ou se Pitit Bondye. Desann sou kwa-a !"

• Menm jan an tou, chèf prèt yo tap pase Jezi nan betiz,
     ansanm ak profesè yo epi ak ansyen yo. Yo tap di :

♦ "Li sove lòt moun, li pa kab sove tèt lị ! Se roua Izrayèl la :
     se pou-l desann kounyè-a sou kwa-a. Konsa n-a kwè nan li.

     Li mete konfyans li nan Bondye,

     se pou Bondye degaje-l kounyè-a, si-l kontan-l.

     Apa li ki di : 'Mwen se Pitit Bondye.'

• Ata asasen, yo te kloure sou koua ansanm ave-l yo,

     tap derespekte-l menm mannyè,

     Vwala depi midi, li fè noua sou tout tè-a, jiska 3 ze.
     Vè twa zè, Jezi bay you kalite kout rèl. Li di :

☑ "Eli, Eli, lema sabaktani ?"

• Sa vle di :

☑ "Bondye mwen, Bondye mwen, pouki sa ou lage mwen ?"

• Lè yo tande sa, kèk moun nan sa ki te la yo, di :

♦ "L-ap rele Eli."

• Menm moman an, youn ladan kouri pran you eponj plen vinèg.

     Li mete-l nan you banbou pou li ba-l bouè. Lot yo di :

♦ "Kite nou wè si Eli pral vin sove-l."

• Jezi tounen fè yon kalite kout rèl, e li rann souf li.

     Men rido kay sakre-a fann de bò, depi anro jis anba.
     Tè-a tranble. Ròch fann. Kav ouvè.
     Kò anpil moun debyen ki te mouri, leve.
     Apre Jezi leve, yo soti nan kav yo.
     Yo rantre nan vil sakre-a. Yo parèt devan divès moun.
     Ofisye-a ak moun ki tap veye Jezi avè-l yo,
     pè yon kalite pè, lè yo wè tranbleman tè-a ak sa ki pase.
     Yo di :

♦ "Nèg sa-a te Pitit Bondye sèten."

• Te gen divès medam la, kite ret lwen ap gade.
     Se yo ki te konn swiv Jezi depi nan Galile, pou yo okipe-l.

     Ladan te gen Mari, moun Magdala-a, ak Mari, manman Jak ak Jozèf,

     ak manman ti mesye Zebede yo.

     A labri-n di swa, gwn you nonm rich, moun Arimati, ki vini.

     Non-l se Jozèf. Se te yon patizan Jezi tou. L-al jwenn Pilat.

     Li mande-l kò Jezi-a. Pilat bay lòd ba li-l.

     Jozèf pran kò-a, li vlope-l nan you dra pròp.

     Li mete-l nan you kav nèf, li te fè touye nan ròch, poutèt pa-l.

     Li roule you gro ròch sou bouch kav la. Lè fini, I-ale.

     Mari, moun Magdala-a, te la ak lòt Mari-a.

     Yo te chita an fas tonm nan.

     Landemen, ki te jou apre Preparasyon an,

     chèf prèt ak Farizyen yo al kot Pilat, pou yo di-l :

♦ "Mèt, nou vin sonje pandan mèt mantè sa-a tap viv toujou, li te di :

     "Aprè twa jou, m-a leve.'
     Tanpri, bay lòd pou yo pran prekosyon ak tonm nan,

     jis nan twazyèm jou-a, pou patizan-l yo pa al volè-l,

     lèfini pou yo di pèp la : 'Li leve soti pami mò yo.'

     Dènye manti sa-a ta pi mal pase premye-a."

• Pilat di yo :

♦ "Nou gen you kò gad al pran prekosion yo, jan nou vle."

• Y’al pran prekosyon yo ak tonm nan

     Yo make ròch la ak yon so

     Yo mete yon kò gad pou veye l.

                An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a

Lekti yo an Kreyòl

Dimanch
22 Mas 2026

Senkyèm Dimanch Karèm Ane A

Nan Liv Pwofèt Ezekyèl (Chapit 37, sot vèse 12, rive vèse 14)

     Men deklarasyon Yave te fè:"Mwen menm, m-a ouvri tonm nou yo,    e m’a fè’n soti ladan yo, nou menm, pèp mwen, e m’a fè’n tounen nan peyi Izrayèl. N’a rekonèt, mwen se Yave, lè m’a ouvri tonm nou yo, e lè m’a fè’n soti ladan yo, nou menm, pèp mwen. M’a mete lespri-m anndan nou, e n’a tounen vin gen lavi. M’a enstale’n nan peyi’n nan, e n’a rekonèt, mwen se Yave ki te pale-a, e ki fè sa’l di-a."

     Se sa-k deklarasyon Yave-a.

     Pawòl Granmèt la

Dezyèm Moso Labib

Nan Lèl Pòl ekri Legliz Ròm lan (Chapit 8, sot vèsè 8, rive vèsè 11)

Frè m yo, Se m yo.

     Moun ki anba pouvwa kò-a pa kab fè Bondye plezi. Men, nou menm, nou pa anba pouvwa kò-a, men anba pouvwa Lespri-a, pwiske Lespri Bondye abite anndan nou. Men, si gen moun ki pa gen Lespri Kris la, yo pa moun pa Kris la. Men, si Kris la anndan nou, kò-a mèt mouri poutèt peche, Lespri-a menm fè nou viv, pwiske nou tounen moun korèk. Men, si Lespri Sila ki fè Jezi leve soti pami mò yo abite anndan nou, Sila ki fè Kris la leve soti pami mò yo va bay ata kò nou ki fèt pou yo mouri yo, lavi, pa pouwa Lespri-l, ki abite anndan nou.

     Pawòl Granmèt la

Evanjil

Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 11, sot vèsè 1, rive vèsè 45)

Te gen yon nonm kite trouve-l malad : se te Laza, moun Betani, bouk kote Mari ak Mat, sè-l la, te rete. Se Mari ki te pase losyon sou Gran Mèt la, lèfini, ki te souye pye-l yo, ak cheve-l. Laza ki te malad la, se te frè li. Sè Laza yo voye di Jezi : "Mèt, men nèg ou renmen an, malad." Men, lè Jezi tande sa, li di : "Maladi sa-a pap mennen lanmò, men, I-ap pote konpliman pou Bondye. Y-a fè konpliman pou Pitit Bondye-a, poutèt li." Jezi te renmen ni Mat, ni sè-l la, ni Laza. Lè li tande Laza malad menm, li rete kote li te ye-a 2 jou toujou. Lèfini, apre sa, li di patizan-l yo :

 

     "An-n tounen al nan Jide." Patizan-l yo di-l : "Rabi, Jwif yo fèk chèche kalonnen ou, e w’ap tounen nan peyi yo ?" Jezi reponn : "Apa 12 è-d tan, ki genyen nan you lajounen ? Si se lajounen yon moun ap mache, li pa bite, paske li wè limyè tè-a. Men, si se lannwit yon moun ap mache. li bite, paske li pa gen limyè avè-l." Lè-l fin di yo sa, li di toujou : "Laza, zanmi-n nan, ap dòmi. Men, mwen pral reveye-l" Patizan-l yo menm di li : "Mèt, si se dòmi l-ap dòmi, l-a gaya." Jezi menm tap pale de lanmò, mesye yo menm te konprann li tap pale de dòmi tout bon. Alò, Jezi pale yo klè, li di yo : "Laza mouri. Poutèt nou, mwen kontan mwen pa te la, pou nou kab kwè. Men, an-n al kote-l." Toma menm, sa yo rele Marasa-a, di lòt patizan parèy li yo : "An-n ale, nou menm tou, konsa, n-a mouri ansanm avè-l." Lè Jezi rive, li jwenn Laza deja gen 4 jou nan kav la. Betani te pre Jerizalèm, distans you 3 kilomèt konsa.

 

     Anpil Jwif te vin kay Mat ak Mari, pou yo konsole yo, pou frè yo-a. Mat menm, kou li tande Jezi ap vini, l-al rankontre-l. Mari menm te chita nan kay la. Mari di Jezi : "Mèt, si ou te la, frè-m nan pa ta mouri. Ata kounyè-a, mwen konnen, nenpòt kisa W-a mande Bondye, Bondye va ba ou-L." Jezi di-l : "Frè w la va leve." Mat di-l: "Mwen konnen l-a leve, nan dènye jou, lè mò va leve." Jezi di-l : "Leve-a ak lavi-a, se mwen menm. Moun ki kwè nan mwen, li mèt te mouri, l-a viv. Depi yon moun kwè nan mwen, li pap janm mouri. Èske ou kwè sa ?" Mat reponn li : "Oui, Mèt, mwen kwè : ou se Kris la. Ou se Pitit Bondye-a. Ou se Sila ki te dwe vini sou tè-a." Lè Mat fin di sa, l-al rele Mari, sè-l la. Li di-l nan zorèy : "Mèt la la, l-ap rele ou." Tande Mari tande sa, li leve prese al jwenn li, Jezi potko rive nan bouk la, men, li te kote Mat te al rankontre-l la, toujou. Jwif yo menm ki tap konsole Mari nan kay la, wè-l leve prese pou-l soti. Yo swiv li. Yo te konprann li te pral bò kav la, pou-l kriye. Lè-l rive kote Jezi te ye-a, wè li wè-l, Mari lage kò-l nan pye-l, li di-l :

 

     "'Mèt, si ou te la, frè-m nan pa ta mouri." Jezi menm, lè li wè-l ap kriye, lẻ li wè Jwif ki te avè-l yo ap kriye tou, li santi kè-l ap rache, li boulvèse. Li di : "Kote ou mete-| ?" Yo di-l : "Mèt, vin wè non !" Dlo kouri nan je Jezi. Jwif yo menm tap di : "Gade jan li te renmen-l." Men genyen ladan yo ki tap di : "Apa li ki te ouvè je avèg la, èske li pat kab fè nèg la pa mouri ?" Jezi menm tounen santi kè-l ap rache. Li al bò kav la. Se te yon trou wòch, ak you gwo wòch sou li. Jezi di: "wete wòch la." Mat, sè Laza-a, di-l : "Mèt, li deja santi. Sa fè-l 4 jou." Jezi di-l : "Mat, èske m-pa te di ou, si ou kwè, w’a wè pouvwa Bondye ?" Yo wete wòch la. Jezi voye je-l anlè, li di : "Papa o, mwen di ou mèsi, paske ou koute mwen. Mwen te byen konnen, ou toujou koute-m. Men, se pou pèp ki la toutotou-m yo, mwen di sa, pou yo kab kwè se ou ki voye-m." Lé li fin di sa, li rele byen fò : "Laza, vin deyò !" Mò-a menm soti, pye-l ak men-l tou mare ak ti bann twal, figi-l vlope nan yon mouchwa. Jezi menm di yo : "Lage-l. Kite-l ale." Anpil nan Jwif yo, ki te vin wè Mari yo, kwè nan li, lè yo wè sa li fè-a.

     An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a

Premye Moso Labib

Lekti yo an Kreyòl

Dimanch
15 Mas 2026

Katriyèm Dimanch Karèm Ane A

Premye Moso Labib

Nan Lèt Pòl ekri Legliz Efèz la (Ch 5, sot vèsè 8, rive 14)

     Yave di Samyèl : "Kouman ? Ki lè W’a bouke kriye pou Sayil, kan mwen menm, mwen deside pou-l sispann kòmande Izrayèl ? Plen kò nou a lwil, epi pati. Mwen voye ou kay Jese, nèg Bètleyèm nan, paske se youn nan pitit li yo mwen chwazi kòm wa." Samyèl di Yave : "Men, kouman mwen ta fè ale ? Si Sayil rive konn sa, l-a touye-m." Yave reponn li : "Pran yon ti gazèl bèf avè ou, e w’a di : 'Se yon sèvis, mwen vin fè pou Yave? W’a invite Jese nan manje-a, e m’a di ou sa pou ou fè, o non mwen, e w’a sakre wa, moun m’a montre w la." amyèl fè sa Yave te di-l la, e li pati Bètleyèm. Pèsonnaj lavil la kouri al rankontre-l, yo di-l : "Èske se bòn nouvèl ou pote ?" Samyèl reponn : "Wi, mwen vin fè yon sèvis pou Yave. Pare-n pou-n vin fè sèvis la ansanm avè-m." Li te envite Jese ak pitit li yo tou, nan sèvis la. Lè yo rive, Samyèl wè Elyab, e li di : "Siman, se li Yave chwazi-a." Men, Yave di Samyèl : "Pa jije sou sa-k parèt, ni sou wotè-l, paske mwen pa vle-l. Sa moun wè pa konte. Moun wè sa-k parèt sèlman, men, Bondye li menm gade kè moun." Se konsa Jese parèt ak 7 pitit li yo devan Samèl, e Samyèl di-l: "Se pa yo menm Bondye chwazi." Jese reponn li: "Rete pi piti-a : li Mennen mouton yo nan patiraj."  Samyèl di-l : "Voye chèche-l, e nou pap kòmanse  manje, tout tan li pa parèt isit la." Se konsa, yo voye chèche pi piti-a : figi-l te ròz, je-l te bèl, e mi-n li te frè. Bondye di Samyèl : "  An nou wè ! Sakre-l ak Iwil: se li menm." Samyèl pran kò lwil li-a, e li sakre-l devan tout frè-l yo. E depi jou sa-a, Lespri Bondye antre sou David.

     Pawòl Granmèt la

Dezyèm Moso Labib

Nan Premye Liv Samyèl (Chapit 16, sot vèsè 1, rive vèsè 13)

Frè m yo, Se m yo.

 

     Reyèlman vre, lontan, se fènwa nou te ye. Kounyè-a menm, nou se  limyè, nan Gran Mèt la. Mache non, tankou pitit limyè. 

     Gade byen ! Sa limyè pote, se aji byen ak moun, tout jan, se jistis ak laverite. Chèche konprann sa ki fè Gran Mèt la plezi. Pi-nga nou mete ankò ak zèv fènwa, ki pa rapote anyen. Mete yo deyò, pito.

     Reyèlman vre, zak moun sa yo ap fè an kachèt, se bagay pou moun menm wont pale. Men, lè moun mete yo deyò, limyè fè yo parèt pou sa yo ye. Tou sa ki parèt klè, se limyè. Se poutèt sa, yo di : 'Ou menm k-ap dòmi an, leve sot nan dòmi ! Leve sot pami mò yo, Kris la va klere ou !'

     Pawòl Granmèt la

Evanjil

Men Bon Nouvèl Jezi-Kri daprè Jan (Chapit 9, sot vèsè 1, rivé vèsè 41)

     Etan Jezi tap pase yon kote, li wè you nonm ki te avèg depi li fèt.  Patizan-l yo mande-l : "Rebi, se nèg la, ou byen se paran-l yo ki fè peche, kifè, li fèt tou avèg ?" Jezi reponn yo : "Se pa ni li menm, ni paran-l yo ki fè peche. Men, se pou travay Bondye ap fè-a, kab parèt poutèt li. Fòk nou fè travay Sila ki voye-m nan, tout tan se lajounen. Lannwit ap rive. Lè konsa, pèsonn pa kab travay. Pandan mwen sou tè-a, se limyè tè-a, mwen ye." Lè li fin di Jezi sa, li krache atè. Li fè labou ak krache-a, li frote labou-a sou je avèg la. Li di-l : "Al lave kò ou nan basen Siloe - mo ki vle di : nèg ou voye-a. Avèg la ale, li lave kò-l : lè li tounen, li te wè. Vwazinaj menm ak moun ki te konn wè-l ap mande lacharite anvan, tap di : "Se pa nèg ki te konn chita ap mande charite-a ?" Yon pòsyon tap di : "Se li." Yon lòt pòsyon tap di : "Non. Men, li sanble avè-l." Li menm menm, li tap di: "Se mwen menm !" Yo menm yo tap plede mande-l : "Kouman fè, je ou ouvè non ?" Li reponn yo : "Nonm yo rele Jezi-a fè labou. Li frote je-m avè-l. Li di-m al lave kò-m Siloe. M-ale. Lave mwen lave kò-m, mwen wè. " Yo mande-l : "Kote nèg sa-a ?" Li reponn yo : "Mwen pa konnen."

     Vwala yo mennen nèg ki te avèg anvan an bay Farizyen yo. Trouve, jou Jezi te fè labou-a pou-l ouvè je-l yo, sete yon jou repo. Farizyen yo menm tounen mande nèg la : kouman fè li wè. Li reponn yo : "Li mete labou sou je-m, mwen lave kò-m, e mwen wè." Gen kèk Farizyen menm ki tap di : "Nonm sa-a, se pa nan Bondye li soti, pwiske li pa respekte jou repo." Yon lòt pòsyon tap di : "Kouman yon nonm ki peche ta kab fè de kalite mirak konsa ?" Yo pa te dakò youn ak lòt. Yo tounen di avèg la : "Ou menm sa ou di de li, pou je ou li ouvè-a ?" Li reponn : "Se yon profèt li ye." Jwif yo menm pa te vle kwè nèg la te avèg, lè fini li wè. Yo fè jistan yo rele paran-l yo. Yo mande yo : "Èske nèg sa-a se pitit gason-n, nou di ki te fèt tou avèg la ? Kouman fè li wè kounyè-a ?" Paran-l yo reponn : "Nou konnen, nèg sa-a, se pitit gason-n, e li te fèt tou avèg. Kouman fè li wè kounyè-a, nou pa konnen. Ou byen, kilès ki ouvè je-l, nou menm menm, nou pa konnen. Mande-l. Li granmoun, l-a pale pou tèt pa-l." Sa-k te fè paran-l yo di sa, se paske yo te pè Juif yo.

     Réyelman vre, Jwif yo te deja mete tèt yo dakò sou sa : si you moun gen malè deklare Jezi se Kris la, y-ap mete-l deyò nan reyinyon yo. Se poutèt sa, paran-l yo di : "Li granmoun, mande-l." Vwala, yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa, yo di-l: "Fè konpliman pou Bondye nou menm, nou konnen, nonm sa-a sé you péchè." Nèg la menm reponn : "Mwen pa konnen si se you peche li ye. You sèl bagay mwen konnen : m-te avèg, kouneyè-a mwen wè." Yo mande-l : "Sa-l fè ? Kouman li ouvè je ou ?" Li reponn yo : "Mwen te pale-n deja, nou pa te koute. Poukisa nou vle tande koze-a ankò ? Èske nou menm tou, nou ta vle tounen patizan-l ?"

     Yo joure-I byen joure, yo di-l konsa : "Ou mèt patizan nèg la. Nou menm menm, se patizan Moyiz nou ye. Nou menm, nou konnen, Bondye te pale ak Moyiz. Men, sa-a, nou pa konn kote li soti." Nèg la reponn yo : "Sa menm, se sezi nou fè-m sezi : li ouvè je-m, ak tou sa, nou menm, nou pa konn kote-l soti ! Nou byen konnen, Bondye pa koute peche yo. Men, si you moun relijye, si-l fè volonte-l, se li, li koute. Kote yo janm tande yon nèg ouvè je yon moun ki te fèt tou avèg ? Si se pat nan Bondye li te soti, li pa te kab fè anyen." Yo reponn li : "Se nan peche ou fèt nèt, pou ou pèmèt ap preche-n kounyè-a !" Yo mete-l deyò. Jezi te tande, yo mete-l deyò. Le li jwenn avè-l, li di-l : "Èske ou kwè nan Pitit moun nan ?" Nèg la reponn : "Mèt, kilès li ye, pou-m kab kwè nan li ?" Jézi di-l : "Ou wè-l la-a. Se li menm menm k-ap pale avè w." Alò, li di : "Mèt, mwen kwè." E li mete ajenou devan-l. Jezi di-l : "Mwen vin sou tè-a, pou-m fè yon jijman. Konsa, sa ki pa wè yo, va wè, sa ki wè yo va vi-n avèg." Kèk Farizyen ki te avè-l tande sa, kifè yo di-l : "Pou di, nou menm tou, nou avèg ?" Jezi reponn yo : "Si nou te avèg, nou pa ta gen peche. Alèkile, nou di nou wè poutèt sa, peche nou an rete la."

     An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a

Parish Staff

Administrator: Rev. Yves Geffrard

Human Resources: Patrick Boney

IT Support : Epens Jules

Parish Finance Council Chairman:

                       Donald Jenkins

Bookkeeper: Kathy Lucas

Pastoral Council Chairwoman:

                       Pauline Jean Simon

Youth Ministry & Liturgy Coordinator

                      Myrline Alcidor

Music Director: Eugene Deshommes

Church Schedule / Orè Legliz

Office Hours / Orè Biwo

Outreach Program

Mon - Fri:  9:00AM - 4:45PM

St. Vincent De Paul: 772-465-4551
     Food Assistance

          Tuesday: 8:45AM - 11AM

     Rental Assistance

          Over the Phone only

Notre Dame Soup kitchen
      Friday: 4:30PM - 5:45PM

Mass Schedule /
Orè Mès

English Mass: Sunday 8 & 9:30 AM
                         Saturday 5:00 PM

Mès Kreyòl:    Dimanch  11:00 AM
                         Madi           7:30 PM

Lenten & Easter Season Schedule

   Tuesday & Friday: English Mass at 12pm          Except 3/31, 4/3

        Creole at 7:30 PM every Tuesday

   March 30: English Penance Service at 5​P

   March 31: Chrism Mass at 11AM

        at the Ignatius Loyola Cathedral

   April 2nd : The bi-lingual Mass at 6PM

        Last Supper & washing of feet​

   April 3rd: The Passion of Christ Mass

        English at 3PM & Creole at 7:30PM

   April 4th: Easter Vigil Mass

       English at 5 PM & Creole at 10 PM

   April 5th: Easter Sunday Mass

       Sunrise English Mass at 6:30 AM

       English at 8 & 9:30 AM, Creole: 11AM

   April 11th: English Mass at 5 PM 

   April 12th: Divine Mercy Mass

       English at 8 & 9:30 AM, Creole: 11AM

  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

© Notre Dame Catholic Mission 2026

Privacy policy

Terms & conditions

Powered by Wix

NDCM Logo 2026 name White.png
bottom of page